Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ayiti: Palmantè Ameriken Mande Administrasyon Trump la Mentni Biwo Kowòdonasyon Depatman Deta pou Ayiti a


Yon Fenèt ki ouvri sou Kongrè Ameriken an. Washington, 2 fevriye 2017. (Foto: AP/J.Scott Applewhite)
Yon Fenèt ki ouvri sou Kongrè Ameriken an. Washington, 2 fevriye 2017. (Foto: AP/J.Scott Applewhite)

Yon gwoup palmantè Ameriken, demokrat ak repibliken, lanse apèl pou yo mande administrasyon Trump la pa elimine Biwo Kowòdonasyon Depatman Deta pou Ayiti a ki la pou kowòdone asistans Lèzetazini ap bay peyi karayib la.

Nan yon lèt ki pote siyatu 12 lejislatè ameriken, yo atire atansyon sou le fèt ke Ayiti sibi anpil anba dezas natirèl mete sou trajedi lòm koze. Lèt la raple tranblemanntè ki te souke peyi a an 2010 te touye plizyè milye moun e lakoz plis pase yon milyon lòt deplase andedan peyi a.


Let la kontinye pou di siklòn Mattew te touye anviwon mil moun e koze dega pou plis pase yon milya dola. Dezas sa yo kreye divès defi ki mande pou pèsonèl kalifye nan Depatman Deta a kowòdone efò sekou yo epi sèvi kom lyezon ki merite konfyans ant Pouvwa Egzekitif la ak Kongrè a.

Palmantè ameriken yo fini pa di Biwo Kowodinasyon Depatman Deta pou Ayiti a te sipèvize yon afè de 4 milya 600 milyon dola èd imanitè, sa ki te pèmèt Ayiti konnen yon pwogrè ekonomik ki dwe kontinye.

XS
SM
MD
LG