Accessibility links

Breaking News

Etazini Tire Plizyè Misil sou yon Baz Aeryèn Peyi Siri Kòm Reyaksyon a Atak Chimik Rejim Assad la te Fè sou youn nan Katye Rebèl yo


Yon bato degè ameriken, The USS Ross, ki kanpe nan lanmè Mediterane a kap tire yon misil Tomahawk nan direksyon baz aeyen lame peyi Siri a. 7 avril 2017. Foto: U.S. Navy via AP
Yon bato degè ameriken, The USS Ross, ki kanpe nan lanmè Mediterane a kap tire yon misil Tomahawk nan direksyon baz aeyen lame peyi Siri a. 7 avril 2017. Foto: U.S. Navy via AP

Etazini lanse plis pase 50 misil sou baz aeryèn peyi lame siryen ki rele Shayrat Airfield a kòm reyaksyon apre atak chimik ki fèt madi 4 avril 2017 la nan Siri kote plis pase 100 moun mouri e anviwon 350 lòt tonbe malad. Pami viktim yo genyen yon gwo kantite timoun piti.

Depi Mar-a-Lago nan Palm Beach, nan Eta Florid, Prezidan Etazini an Donald Trump konfime li pase lòd pou Etazini mennen yon aksyon militè sible kont avyasyon aeryen Siri a. Yon ofisyèl nan Lame amerikèn presize yo tire o total 59 misil.

Yon ti tan apre atak la, Senatè Ameriken John McCain ak Lindsey Graham soti yon deklarasyon pou l di, "Nou bat bravo pou ladrès ak pwofesyonalism Fòs Ame Amerikèn ki mennen atak aswè a kont Siri."

Avan sa Prezidan Trump te presize atak ak bonm chimik sa a se yon aksyon nou pakab tolere e li se yon mank dega anvè limanite. Lè jounalis te mande Mesye Trump si li pral pase alaksyon, li te reponn: "Rete gade kisa mwen pral fè."

Foto sa a montre yon nonm kap pote yon timoun ki frape anba efè eksplozyon yon zam chimik nan katye rebèl yo, Khan Sheikhoun, Idlib, Siri. 4 avril 2017.
Foto sa a montre yon nonm kap pote yon timoun ki frape anba efè eksplozyon yon zam chimik nan katye rebèl yo, Khan Sheikhoun, Idlib, Siri. 4 avril 2017.

Larisi ak Lasiri te voye jete byen lwen akizasyon kòmkwa avyon nonba siryen ta lage bonm chimik sou yon vilaj rebèl ap kontwole nan pati nò Siri. Minis afè etranjè siryen an Walid Moallem di jounalis nan vil Damas jedi 6 avril 2017 la, peyi l pa itilize okenn zam konsa nan atak ayeryen sou vilaj Khan Sheikhoun nan, e Siri pa tap janm itilize yo menm kont militan teworis.

Imaj satelit ki montre baz aeyèn militè peyi Siri a, baz kote avyon ki te lanse atak ak zam chimik nan katye rebèl madi 4 avril 2017 yo te soti.
Imaj satelit ki montre baz aeyèn militè peyi Siri a, baz kote avyon ki te lanse atak ak zam chimik nan katye rebèl madi 4 avril 2017 yo te soti.

Depatman Defans Etazini an ( Pentagone) pwopoze bay Lamezon Blanch yon aksyon militè kont peyi Lasiri apre apre atak chimik. Aksyon militè sa a prevwa yon seri frap ki vize detwi avyasyon aeryèn Siri a. Sekretè Deta Etazini an Rex Tillerson nan yon deklarasyo sou atak la mande Prezidan siryen an Bashar al-Assad kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG