Accessibility links

Breaking News

End Sèmante pou l Tire Revanj Poutèt Sòlda Lame Pakistan Ta Touye 2 Sòlda li Sou Fontyè a


A jogger makes his way through an alley in a park in Stuttgart, southern Germany.
A jogger makes his way through an alley in a park in Stuttgart, southern Germany.

Lame peyi End akize fòs Pakistan yo kòm moun ki touye 2 sòlda li e demanbre kadav yo arebò fwontyè nan rejyon Kashmir la ki an diskisyon ant 2 peyi yo.

End sèmante pou l tire revanj pou ensidan an ki pral apwofondi tansyon ant 2 rival yo nan Sid Azi a, pandan relasyon yo desann byen ba depi kèk mwa.

Sòlda endyen kap fè pòs devan yon baz militè nan Uri, Kashmir, End. 19 septanm , 2016.
Sòlda endyen kap fè pòs devan yon baz militè nan Uri, Kashmir, End. 19 septanm , 2016.

Lame a fè konnen sòlda yo tonbe pandan yo tap fè patwouy lè fòs Pakistan yo te tire kout wokèt ak mòtye sou 2 pòs endyen nan sektè Krishna Ghati lendi 1 me 2017l a.

Lame Pakistan an rejte akizasyon lame End la kòmkwa Pakistanè ta demanbre kadav-yo, e li kalifye yo kòm fo akizasyon e fè konnen li pa vyole sese-l-fe a.

Lame End la te lanse yon akizasyn menm jan an sou Pakistan nan mwa novanm 2016 ane pase a.

XS
SM
MD
LG