Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon : Batay pou Nominasyon Pati Demokrat la ak Pati Repibliken an ap Kontinye


Ozetazini, nan moman pi fò Eta yo poko òganize eleksyon primè yo, lachas dèyè kantite delege ki nesesè pou yon kandida jwenn nominasyon yon pati, preske rive nan bout li.

Nan eleksyon ki dewoule madi 8 mas 2016 la, bò kote demokrat yo Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, ranpòte yon viktwa-sipriz sou ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton nan Eta Michigan, tandiske repibliken Donald Trump jwenn mwayen ogmante avans li genyen sou lòt kandida yo nan eleksyon ki fèt nan Eta Michigan, Misisipi ak Awayi.

Alòske anpil sondaj te montre Madam Clinton te byen plase pou l ranpòte primè Michigan nan devan Senatè Sanders, rezilta yo bay Misye Sanders 50 pousan vwa yo, alòske ansyèn Premyè Dam nan resevwa anviwon 47 pou san. Majorite elektè ki nan klas travay la vote pou Sanders, paske yo apresye mesaj kote li denonse akò gouvènman an konn siyen ak konpayi entènasyonal yo --sa ki, daprè yo, responsab pou travay moun pèdi nan izin manifakti nan Eta Michigan ak lòt kote Ozetazini. Madam Clinton ranpòte yon gwo viktwa, yon viktwa fasil, nan Eta Misisipi

XS
SM
MD
LG