Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon Primè. Hillary Clinton Ranpòte Kentucky- Bernie Sanders Ranpòte Oregon. Clinton Toujou Devan.


Kandida a la prezidans Hillary Clinton
Kandida a la prezidans Hillary Clinton

Ozetazini, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton pwoche pi pre nominasyon Pati Demokrat la kòm kandida a la prezidans nan eleksyon novanm pwochen an, yon bagay ki deja sanble yon garanti pou li aprè eleksyon primè ki dewoule madi 17 me 2016 la nan Eta Kentucky.

Nan moman tout vwa yo te preske fin konte, Madan Clinton tap mennen devan Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, avek anviwon 2 mil vòt. Otorite ekektoral yo di yo poko ap kouri deklare yon venkè, men Hillary Clinton deja kriye viktwa.

Kandida a la prezidans Bernie Sanders
Kandida a la prezidans Bernie Sanders

An tou ka, rezilta final yo pa tèlman gen twòp enpòtans, puiske ofisyèl demokrat yo ap pataje delege yo yon fason pwopòsyonèl, sa ki vle di 2 kandida yo ap sòti egal-ego nan Kentucky. Te gen yon lòt eleksyon primè nan jounen madi a: se nan Eta Oregon, nan pat lwès Etazini, kote Misye Sanders ranpòte laviktwa.

=============================================

Yon lòt kote, nan moman eleksyon primè yo rive sou dènye mwa yo, pi gwo enstiti sondaj ameriken an di yon tèm ki parèt dominan nan kanpay la, se jan elektè yo wè gouvènman peyi yo a.

Frank Newport, redaktè an chèf enstiti sondaj Gallup, di Lavwadlamerik yon kantite rekò ameriken pa satisfè avèk jan Kongrè a --e ak jan gouvènman an an jeneral-- ap fè travay yo. Se konsa kandida tankou repibliken Donald Trump ak demokrat Bernie Sanders pwofite pou yo ensiste sou mank satisfaksyon sa a. Misye Newport ajoute 2 kandida yo deklare Kongrè a pa fè efò ase pou li amelyore kondisyon lavi elektè yo.

XS
SM
MD
LG