Accessibility links

Breaking News

Otorite nan Peyi Larisi Fè Konnen yo te Kontakte Ekip Trump lan pou Diskite sou Kriz Politik la nan Siri

Minis afè Etranje a Larisi a Mikhail Bogdanov, kap pale ak jounalis apre yon rankont li ak Minis Libanè afè Etranje a Gebran Bassil nan Beirut, 5 desanm, 2014. Konsènan Prezidan eli Donald Trump, Msye Bogdanov di repòtè yo nan Larisi jou 17 novanm, 2016 la, "Nou deja kòmanse antre an kontak ak kèk nan moun ki gen pou travay ak nouvo prezidan an."

Yon gwo zotobre nan Larisi fè konnen jedi 17 novanm 2016 la Moskou te pran kontak ak reprezantan ekip prezidan eli Etazini an Donald Trump pou yo pale sou kesyon Siri a.

Ajans nouvèl Interfax site pawol vis-minis afè etranjè Mikhail Bogdanov ki di jounalis yo ke Larisi deja koumanse kontakte moun yo ki ka travay kòm èd pou nouvo prezidan an.

Li pat klè touswit de kilès otorite ris la t ap pale, puiske prezidan eli Etazini an pako fòme kabinè li, kidonk li pako gen Sekretè Deta ak Sekretè Defans, ni nonmen Konseye pou Sekirite Nasyonal li.

XS
SM
MD
LG