Accessibility links

Breaking News

Prezidan-eli Donald Trump Kritike Konpayi Otomobil GM Poutèt li Pwodui Oto li nan Peyi Meksik


Prezidan-Eli Ameriken an, Donald Trump, agoch ak madanm li Melania Trump nan yon fèt nan Mar-a-Lago, Palm Beach Florid , samdi 31 desanm 2016. (Foto AP/Evan Vucci)
Prezidan-Eli Ameriken an, Donald Trump, agoch ak madanm li Melania Trump nan yon fèt nan Mar-a-Lago, Palm Beach Florid , samdi 31 desanm 2016. (Foto AP/Evan Vucci)

Prezidan-eli Donald Trump menase pou l mete gwo taks dwann sou konpayi otomobil GM poutèt li prefere al pwodui machin nan peyi Meksik olye li fè yo Ozetazini.

Katye general konpayi General Motors la GM nan Detroit, Etazini. (Foto AP/Paul Sancye)
Katye general konpayi General Motors la GM nan Detroit, Etazini. (Foto AP/Paul Sancye)

Prezidan-eli Donald Trump kritike jodi madi 3 janvye 2017 la, General Motors (GM), pi gwo fabrikan otomobil nan peyi Etazini, poutèt li fabrike modèl Chevrolet Cruze Compact nan peyi Meksik e voye yo bay vandè oto nan peyi Etazini san li pa peye taks ladwàn. Misye Trump menase pou l mete yon gwo tarif sou konpayi otomobil General Motors la.

Anplwaye konpayi otomobil GM nan Lachin. 19 jen 2016. Foto REUTERS/Nirihiko Shirouzu)
Anplwaye konpayi otomobil GM nan Lachin. 19 jen 2016. Foto REUTERS/Nirihiko Shirouzu)

GM fè konnen li deja fabrike majorite model Cruze Compact yo Ozetazini, nan izin li ki nan bouk Lordstown nan eta Ohio. GM fè konnen tou, demand la tèlman anpil pou oto a ki vann 21 mil dola ke l te oblije fabrike kèk nan yo nan Meksik.

Li di se sèlman vèsyon Cruze hatchback la li enpòte soti Meksik, ki se yon ti pousantaj sou 172 mil Cruze ke li te vann nan 11 premye mwa ane pase.

GM fè konnen li fabrike oto sa yo tou an Chin apa de Meksik.

XS
SM
MD
LG