Accessibility links

Breaking News

Dezas Natirèl nan Ane 2016 la Fè Plis Dega Mateyèl e Mwens Moun Mouri Konpare ak Lane 2015


Yon ofisyèl nan Enstiti Nasyonal Meteyoloji kap montre sou yon ekran avansman yon siklòn nan Otto, San Jose, Costa Rica, 24 novanm 2016. (Foto REUTERS/ Juan Carlos Ulate)
Yon ofisyèl nan Enstiti Nasyonal Meteyoloji kap montre sou yon ekran avansman yon siklòn nan Otto, San Jose, Costa Rica, 24 novanm 2016. (Foto REUTERS/ Juan Carlos Ulate)

Dezas natirèl ki dewoule toupatou nan mond lan te lakoz dega pou yon valè 175 milya dola an 2016 pi gwo chif sou kesyon an depi 2012, dapre jeyan konpayi re-asirans alman, Munich Re.

Chif ki soti nan konpayi asirans segondè a montre yon ogmantasyon prèske 2 tyè nan konsekans finansye dezas yo konpare ak ane anvan an, malgre kantite moun ki viktim nan dezas natirèl yo te pi ba anpil konpare ak ane 2015, kote 2016 te anrejistre 8 mil 700 mò konpare ak 25 mil 400 an 2015.

Dezas ki te koute pi plis yo te fèt ann Azi. 2 goudou-goudou (tranblemandtè) te koute Japon 31 milya dola kòm pèt, e inondasyon an Chin pandan sezon ete a te koute 20 milya dola.

XS
SM
MD
LG