Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Ameriken Regrèt Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an Ap Rekoumanse Pwosesis Elektoral la


Pòotpawòl Adjwen Depatman Deta Ameriken, Mark C. Toner
Pòotpawòl Adjwen Depatman Deta Ameriken, Mark C. Toner

Depatman Deta ameriken reyaji mèkredi 8 jen an sou kalandriye elektoral Konsèy Elektoral pwovizwa a anonse lendi ki sòt pase a e sou desizyon li pou l refè eleksyon prezidansyèl la.

Pòtpawòl Adjwen Depatman Deta a, Mark Toner, deklare : Lèzetazini regrèt desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou l relanse pwosesis elektoral la depi nan premye tou avèk eleksyon prezidansyèl la.

"Desizyon sa a, selon misye Toner, pral pwolonje tan e ogmante resous ki nesesè pou konplete pwosesis elektoral 2015 lan e l pral retade pi plis toujou enstalasyon yon prezidan eli konstitisyonèlman.Pèp Ayisyen an merite fè tande vwa li men pa pou vwa li ranvwaye"

"Lèzetazini regrèt yon nouvo pwolongasyon pwosesis elektoral la ki pwobableman pral anpeche yon prezidan eli enstale sou pouvwa anvan 7 fevriye 2017."

Pòtpawòl Depatman Deta a kontinye pou l di: "Tankou Core Group la te deja siyale l nan dat 6 jen an: Genyen yon nesesite ijan pou Ayiti genyen otorite reprezantatif eli nan tout nivo gouvènman an--e sa valab pou pozisyon ki pi wo a". (NDLR: sètadi prezidans lan)

"Nap tann ak enpasyans pou n wè enstalasyon yon prezidan demokratikman eli ki ka travay avèk Lèzetazini e ak lòt patnè yo pou leve divès defi Ayiti ap konfwonte yo."

"Lèzetazini byen akeyi mezi responsab yo vle adopte pou eleksyon yo nan peyi Dayiti kapab pi transparan e pi kredib".

Se deklarasyon Pòtpawòl Adjwen Depatman Deta, Mark Toner, sou desizyon Konsèy Elektoral pwovizwa a pou l reòganize eleksyon prezidansyèl la nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG