Accessibility links

Breaking News

Ansyen Palmantè Ris, Denis Voronenkov, Mouri Anba Bal yon Asasen nan Kyèv, Kapital Peyi Ukrèn


Polis ak medsen lejis ki sou sèn kote ansyen palmantè ris Denis Voronenkov pèdi lavi li anba kout zam yon asasen. jedi 23 mas 2017 Kyèv, Ukrèn. (Foto: AP/Sergei Chuzavkov)
Polis ak medsen lejis ki sou sèn kote ansyen palmantè ris Denis Voronenkov pèdi lavi li anba kout zam yon asasen. jedi 23 mas 2017 Kyèv, Ukrèn. (Foto: AP/Sergei Chuzavkov)

Ansyen palmantè ris Denis Voronenkov mouri anba bal nan Kyèv, jedi 23 mas 2017 la, nan sak sanble yon asasinay sou kontra ke Larisi ta òdone, dapre lapolis nan Ukrèn.

Voronenkov te jete kò l nan Ukrèn ane pase, paske li te pè pou sekirite l e li te temwaye nan yon pwosè pou trayizon kont ansyen prezidan ki te anfavè Larisi a, an palan de Viktor Yanukovych.

Dapre prensipal avoka gouvènman Ukrèn nan Yuriy Lutsenko, sanble se temwayaj Voronenko nan pwosè a ki debouche sou lanmò l. Lapolis fè konnen Voronenkov te kanpe devan yon otèl nan sant vil Kyev lè asayan an te touye l ak plizyè bal. Gad di kò Voronenkov te pran yon bal men li chape nan atak. Li te tire tou e frape nèg ak zam nan ki li menm soti blese dapre lapolis nan Ukrèn.

Otorite Larisi yo demanti enplikasyon yo nan zak asasinay sila a.

XS
SM
MD
LG