Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ayiti / Imigrasyon : Majistra New York la, Bill De Blasio, Pa Dakò ak Pwolongasyon 6 Mwa a Sèlman


Majistra New York la, Bill de Blasio. (Foto Achiv).
Majistra New York la, Bill de Blasio. (Foto Achiv).

Men yon deklarasyon majistra kominal vil New York la, Bill de Blasio, fè parèt. Li reyaji sou ogmantasyon 6 mwa Stati Pwoteksyon Tamporè a (TPS) pou imigran ayisyen yo.

<<Pandan nou byen akeyi pwolongasyon sa a, nap di li pa ofri tout sa ki nesesè a. Ayisyen kap chache refij nan peyi nou an merite pou n ba yo bagay ki garanti, e yo pa dwe pè pou manm fanmi yo pa vin divize san rezon. Se tap imoral pou n fòse yo retounen ann Ayiti nan moman kote peyi yo ap redi pou li leve anba yon seri devastasyon dezas natirèl koze. Desizyon pou renouvle Stati Pwoteksyon Tanporè a se desizyon kòrèk la; men mwen lanse apèl bay Prezidan an pou m mande li bay yon polongasyon klonplè ki dire 18 mwa.>>

XS
SM
MD
LG