Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Yon Diskou Ansyen Prezidan Bill Clinton Domine 2e Jou Konvansyon Demokrat la.


Ansyen Prezidan Bill Clinton pandan li tap fè diskou ki domine aktivite yo sou 2èm jou konvansyon nasyonal demokrat la nan Filadèlfi.
Ansyen Prezidan Bill Clinton pandan li tap fè diskou ki domine aktivite yo sou 2èm jou konvansyon nasyonal demokrat la nan Filadèlfi.

Ozetazini, plizyè gwo pwa lou nan pati demokrat la pran lapawòl, nan sware madi 26 jiyè 2016 la, nan konvansyon nasyonal pati a kap dewoule nan vil Filadelfi nan Eta Pennsilvani.

Madelin Albright nan 2è jou konvansyon demokrat la nan Filadèlfi.
Madelin Albright nan 2è jou konvansyon demokrat la nan Filadèlfi.

Pami pèsonalte sa yo te genyen ansyen Sekretè Deta Madelin Albright. Sepandan sa ki te reprezante pwen santral dezyèm jou konvansyon an, se diskou ansyen Prezidan Bill Clinton pwononse pou l mande asistans la an patikilye ak pèp ameriken an an jeneral vote pou madanm li, Hillary Clinton, nan eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule nan dat 8 novanm 2016 la.

Repòtaj Serge Michel sou dezyèm jounen konvansyon pati demokrat la nan vil Filadelfi, Pennsilvani.
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:07 0:00

Pou nou gen plis detay sou aktivite jounen madi a, klike sou lyen anlè a pou nou suiv yon repòtaj anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan Filadèlfi, Serge François Michel.

XS
SM
MD
LG