Accessibility links

Breaking News

Sou 2e Jou Konvansyon Demokrat la Ozetazini, Hillary Clinton Ap Jwenn Nominasyon an Ofisyèlman.


Delege ki kenbe siyn yo nan men yo e kap bat bravo nan moman apèl Eta aprè Eta a ap kontinye.
Delege ki kenbe siyn yo nan men yo e kap bat bravo nan moman apèl Eta aprè Eta a ap kontinye.

Ozetazini, pati demokrat la ap kontinye konvansyon nasyonal li a madi 25 jiyè 2016 la nan vil Filadelfi, nan Eta Pennsilvani, kote delege yo pral pwoklame ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ofisyèlman kandida a la prezidans nan eleksyon novanm 2016 la. Sa pral fè Madan Clinton tounen premye fanm yon gwo pati politik ameriken chwazi kòm kandida pou okipe La Mezon Blanch. Nan konvasyon sa a, ki dewoule chak 4 tran, delege eta yo, youn apre lot, pral konfime vòt yo nan sware madi a e yon majorite pral di piblikman se pou Hillary Clinton yo te vote nan eleksyon primè yo.

Imaj sa a montre, antwòt. ansyen prezidan Bill Clinton (nan mitan) kap patisipe nan konvansyon demokrat la nan Filadelfi, Eta Pennsilvani.
Imaj sa a montre, antwòt. ansyen prezidan Bill Clinton (nan mitan) kap patisipe nan konvansyon demokrat la nan Filadelfi, Eta Pennsilvani.

Sou premye jou konvansyon an lendi 25 jiyè a, rival Madam Clinton pandan kanpay la, Senatè Bernie Sanders, te lanse apèl bay delege patizan li yo pou l di yo mèt vote pou li, men li rekonèt kantite vòt sa yo pap sifi pou pèmèt li ratrape eka ki genyen ant li-menm ak Madam Clinton. Misye Sanders deklare peyi a bezwen yon bon lidè ki pou mete linyon nan mitan sitwayen ameriken yo, olye de yon lidè kap manke Latino, Mizilman, fanm, nwa-ameriken avèk veteran dega. Bernie Sanders di :

“Alòske Donald Trump pa sispann isilte yon gwoup moun aprè yon lòt, Hillary Clinton byen konprann divèsite ki egizte Ozetazini se youn nan pi gwo fòs nasyon nou an.”

Pami oratè ki te pale lendi a, te genyen tou Premyè Dam Lèzetazini an, Michelle Obama, ak senatè Eta Massachusetts la, Elizabeth Warren.

Entèvyou Sege Michel ak J.P. Leroy sou 2èm jou konvansyon pati demokrat la, lendi 25 jiyè 2016 la, nan Filadelfi.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:19 0:00

Klike sou lyen an lè a pou w tande anvwaye espesyal nou nan Filadelfi, Serge François Michel, nan yon entèvyou avèk Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG