Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Premye Deba ant 2 Kandida yo pral Dewoule nan Sware Lendi 26 Septanm nan


Clinton - Trump
Clinton - Trump

Ozetazini, teren an pare pou sa ki ka reprezante yon moman esansyèl nan kanpay prezidansyèl 2016 la nan moman 2 kandida a la prezidans yo (Republiken Donald Trump ak Demokrat Hillary Clinton) pral tope kòn yo nan premye deba yo pi ta jodi lendi a.

Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump (a goch) ak kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton (a dwat) pral fè premye deba yo nan sware jounen lendi 26 septanm 2016 la.
Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump (a goch) ak kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton (a dwat) pral fè premye deba yo nan sware jounen lendi 26 septanm 2016 la.

2 kandida yo twouve yo preske egal-ego nan dènye sondaj dopinyon yo ki montre Madanm Clinton gen yon avans tou piti sou Misye Trump. Se premye fwa 2 kandida yo pral twouve yo fas-a-fas sou yon podyòm; e obsèvatè yo prevwa yon kantite rekò sitwayen ameriken (swa 100 milyon) pral swiv deba sa a sou televizyon pou yo konnen pozisyon chak nan 2 kandida yo sou pwoblèm enpòtan Lèzetazini ap konfwonte, pou yo wè kijan yo chak pral reyaji sou pozisyon lòt la epi deside kilès nan 2 a yo panse ki kapab tounen 45èm prezidan ameriken epi okipe La Mezon Blanch pandan 4 tran kap vini yo.

2 kandida yo gen pou fè 2 lòt deba ankò pandan mwa d oktòb la; men le pi souvan se premye deba a ki atire plis telespektatè. Evennman an pral dewoule nan Inivèsite Hofstra, tou prè vil New York, e lap fèt anviwon 6 semèn anvan eleksyon prezidansyèl la ki fikse pou madi 8 novanm 2016 la, jou kote ameriken yo gen pou yo chwazi yon ranplasan pou Prezidan Barack Obama ki pral kite pouvwa a nan mwa janvye 2017 la.

XS
SM
MD
LG