Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Fè Bak sou yon Deklarasyon Konsènan Hillary Clinton


Kandida a la prezidans pati repibliken an
Kandida a la prezidans pati repibliken an

Ozetazini, kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, deklare se jwe li tap jwe lè li te ankouraje Larisi pou l fè espyon li yo antre sou kont elektwonik rival demokrat li a, Hillary Clinton, pou yo jwenn imèl Madam Clinton te efase pandan li te okipe plas Sekretè Deta a.

Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton
Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton

Responsab yo nan kanpay Clinton nan ak espesyalis nan domèn sekirite nasyonal Lèzetazini denonse Trump pou envitasyon li te voye bay Moskou, nan jounen mèkredi 27 jiyè 2016 la, pou l mande Ris yo fè sa espesyalis yo konsidere kòm espyonaj sibènetik sou Madam Clinton nan mitan kanpay prezidansyèl Lèzetazini an.

Ansyen minis defans ameriken Leon Panetta -ki se yon ansyen direktè CIA tou-- te pran lapawòl nan konvansyon pati demokrat la nan Filadèlfi, nan menm jounen mèkredi, pou l deklare:

“Mwen menm, pèsonèlman, mwen pa konsevwa ditou ke yon kandida a la prezidans kapab montre li iresponsab nan pwen sa a.”

Sepandan, lè chèn televizyon Fox TV News poze Donald Trump kesyon sou deklarasyon li a, li reponn:

“Natirèlman, se ranse mwen tap ranse.”

XS
SM
MD
LG