Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Prensipal Oratè a sou Pwogram Konvansyon Demokrat la Mèkredi se Prezidan Barack Obama


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki te kanpe bò kote kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pandan Madam Clinton tap mennen kanpay nan vil Charlotte nan Kawolin di Nò nan dat 5 jiyè 2016 la. (Foto: Dosye)
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki te kanpe bò kote kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pandan Madam Clinton tap mennen kanpay nan vil Charlotte nan Kawolin di Nò nan dat 5 jiyè 2016 la. (Foto: Dosye)

Ozetazini, Prezidan Barack Obama se oratè prensipal la, mèkredi 27 jiyè 2016 la, sou pwogram konvansyon nasyonal Pati Demokrat la kap dewoule depi 3 jou nan Eta Pennsilvani, pi presizeman nan vil Filadèlfi.

Nan diskou Misye Obama pral fè a, li gen pou di sitwayen ameriken yo poukisa li panse Hillary Clinton --ki te sèvi kòm Sekretè Deta sou premye manda administrasyon li a-- ta dwe ranplase li nan La Mezon Blanch apre li va kite plas la an janvye 2017 la.

Pami lòt pèsonalite ki pral pran lapawòl nan sware mèkredi a, gen Vis Prezidan Joe Biden, kandida Madam Clinton chwazi pou plas Vis Prezidan an, Senatè Timothy Michael Kaine (D-VA), avèk ansyen manistra vil New York la, Michael Bloomberg. Oratè sa yo pral defile sou podyòm nan yon jou apre delege yo te pwoklame Madam Clinton kandida ofisyèl pati demokrat la pou eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

Entèvyou Serge F. Michel ak J.P. Leroy sou 3èm jou konvansyon pati demokrat la, mèkredi 27 jiyè 2016 la, nan Filadèlfi.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:10 0:00

Pou plis detay sou ajanda aktivite yo pou sware jounen mèkredi a, antwòt, nou envite telespektatè yo klike sou lyen anlè a pou yo koute yon entèvyou anvwaye espesyal Lavwadlamerik la, Serge François Michel, bay Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG