Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Kandida Repibliken an, Donald Trump, Lage Dout Sou Entegrite Sistèm nan


Kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, ki tap pale nan yon meeting nan vil Bangor, Eta Maine, samdi 15 oktòb 2016 la.
Kandida a la prezidans Pati Repibliken an, Donald Trump, ki tap pale nan yon meeting nan vil Bangor, Eta Maine, samdi 15 oktòb 2016 la.

Ozetazini, 2 prensipal pati politik yo –Pati Demokrat la ak Pati Repibliken an-- gen 3 semèn difisil devan yo nan moman pèp ameriken an ap pare pou l ale vote nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou 8 novanm pwochen an.

Trump-Clinton -- 14 oktòb 2016.
Trump-Clinton -- 14 oktòb 2016.

3 semèn difisil paske pawòl ap pale pou mande eske kandida repibliken an, Donald Trump, pral aksepte defèt li si l pèdi devan kandida demokrat la, Hillary Clinton... Kesyon an poze puiske nan meeting de mas ki dewoule nan jou ki pase yo, Misye Trump pale de posiblite pou yo ta vòlè eleksyon an nan men l.

Eske Donald Trump ap montre souplès ak gras nan defèt, menmsi se sa li te pwomèt nan premye deba li te fè ak Hillary Clinton nan. Pandan 2 zou 3 jou ki pase yo, nan moman sondaj yo montre kandida repibliken an ap pèdi pye nan entansyon vòt yo, li chanje pawòl pou l fè moun konprann li gen enpresyon elekyon an pral trike, machin elektoral la ranje yon jan pou fasilite advèsè li a. Li lage chaj la sitou sou do laprès. Donald Trump deklare:

“Yap fè magouy ak eleksyon an akoz medya yo ap sikile yon bann akizasyon fo, yon bann manti… dekwa pou yo fasilite eleksyon Hillary Clinton kòm prezidan...”

Kandida pou plas Vis Prezidan Pati Demokrat la, Senatè Eta Vijini Tim Kaine, prese reponn pou l di tèt Donald Trump gen lè pa byen. Misye Kaine tap patisipe nan yon pwogram lib tribin sou antèn chèn televizyon ABC nan jounen dimanch 16 oktòb 2016 la. Misye Kaine deklare :

Tim Kaine - Kanpay Elektoral Demokrat 2016
Tim Kaine - Kanpay Elektoral Demokrat 2016

“Lap akize medya yo; lap akize menm Pati Repibliken an; li menm deklare Lèzetazini pa kapab òganize yon eleksyon onèt e lib... Lap atake divès kalte zonbi ki egziste nan imajinasyon li sèlman... paske tout senpleman li byen konnen li pral pèdi eleksyon an…”

Menm lidè Pati Repibliken yan fè konnen atak vèbal Donald Trump ap lanse sou sistèm elektoral ameriken an fè yo santi yo pa alèz ak misye. Yon pòtpawòl Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Depite Repibliken Paul Ryan, deklare :

“Baz sistèm demokratik nou an repoze sou konfyans nou plase nan rezilta eleksyon nou yo; e Prezizan Lachanm nan gen konfyans tout Eta ameriken yo pral òganize eleksyon onèt, kredib, demokratik… ki gen entegrite.”

XS
SM
MD
LG