Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chili a Michellle Bachelet Ap Vizite Ayiti nan Kad Kowoperasyon Ant 2 Peyi yo


Prezidan Ayiti a, Jovenel Moise, adwat, pandan li tap pale ak Prezidan Chili a Michelle Bachelet nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens, Ayiti, 27 mas, 2017.
Prezidan Ayiti a, Jovenel Moise, adwat, pandan li tap pale ak Prezidan Chili a Michelle Bachelet nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens, Ayiti, 27 mas, 2017.

Prezidant Chili a , Michelle Bachelet, twouve l nan peyi Dayiti nan lide pou diskite ak otorite ayisyèn yo sou depa, anvan lontan, kontenjan chilyen ki fè pati twoup MINUSTAH yo.

Chèf deta Chili a reyafime angajman li pran pou kontinye kontribye nan devlopman sosyo ekonomik peyi Dayiti. Prezidan Chili an gen pou l siyen yon akò bilateral avek prezidan Jovenel Moise nan domèn edikasyon.

Madam Michelle Bachelet te vizite twoup sòlda chilyen yo ki deplwaye nan Kap Ayisyen epi inogire lekòl repiblik chili a nan Pòtoprens lendi 27 mas 2017 la.

XS
SM
MD
LG