Accessibility links

Breaking News

Etazini: Ekzekitif ak Lejislatif la Ap Fè Fas ak Kèk Difikilte Avan yo Rive Pase yon Nouvo Lwa sou Asirans Sante


Kongrè Ameriken an. (Foto: AP/J. Scott Applewhite)
Kongrè Ameriken an. (Foto: AP/J. Scott Applewhite)

Prezidan Etazini an Donald Trump ak Kongrè a ap fè fas ak yon momen kle nan lit politik pou elimine e ranplase refòm swen sante ke ansyen Prezidan Barack Obama te goumen pou li a.

Biwo Bidjè nan Kongrè a, ki fòme ak yon gwoup analis e ekonomis ki pa reprezante okenn pati politik, ka pibliye evalyasyon l anvan lontan sou jan anpil Ameriken ka pèdi asirans sante yo si palmantè Repibliken yo reyisi aboli lwa swen sante 2010 la ke pèp la rele “Obama Care.”

Lwa Obama Care la te bay asirans pou 20 milyon moun, ki anvan sa, pat gen okenn asirans e ki kounye a gen asirans k ap ede yo nan depans medikal yo.

XS
SM
MD
LG