Accessibility links

Breaking News

Avètisman l’ONU kont yon Tranzisyon Politik Pwolonje ann Ayiti


Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon
Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon

Yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo pòtpawòl Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini (ONU), Ban Ki-moon:

"Sekretè Jeneral la pran nòt piblikasyon rapò sou verifikasyon pwosesis elektoral la ann Ayiti. Sekretè Jeneal la atire atansyon sou le fèt ke bagay yo ap trè difisil pou Ayiti si peyi a pran chans tabli yon gouvènman tranzisyon pwolonje. Li note tou, avèk kè-sote, konsekans negatif sitiyasyon sa a kapab genyen sou angajman kominote entènasyonal la vizavi Ayiti.

"Sekretè Jeneral la repete nesesite pou Ayiti genyen yon gouvènman demokratikman eli pou l kapab leve defi sosyo-ekonomik ak imanitè ki an fas peyi a e kap ogmante plis chak jou.

"Sekretè Jeneral la raple responsablite prezidans pwovizwa a, gouvènman an ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou yo idantifye yon mach-a-swiv ki kapab garanti aboutisman pasifik eleksyon ki te kòmanse nan lane 2015 la. Li bay tout pati konsène yo konsèy pou yo konsidere retou nan lòd konstitisyonèl la kòm yon priyorite ijan.

"Sekretè Jeneral la repete angajman Oganizasyon Nasyon Zini pou l apiye aspirasyon demokratik pèp ayisyen an e li mande tout aktè konsène yo pote kontribisyon yo nan efò pou kenbe sekirite ak stabilite nan peyi a e, an menm tan, pou yo pran dispozisyon davans pou dekouraje zak vyolans pandan peryòd difisil sa a."

===========================================

Tradiksyon: Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la (VOANouvel.com).

XS
SM
MD
LG