Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, Mande Padon pou Prezans Kolera ann Ayiti


Sekretè Jeneral Ban Ki-moon prezante eskiz li 3 fwa bay pèp ayisyen an, nan jounen jedi premye desanm 2016 la: an Kreyòl, Fransè ak Anglè, pou eklatman epidemi kolera a ann Ayiti.
Sekretè Jeneral Ban Ki-moon prezante eskiz li 3 fwa bay pèp ayisyen an, nan jounen jedi premye desanm 2016 la: an Kreyòl, Fransè ak Anglè, pou eklatman epidemi kolera a ann Ayiti.

Sekretè jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, mande pèp ayisiyen an padon poutèt ravaj epidemi kolera a koze nan peyi d Ayiti. Nan yon mesaj Misye Ban te anrejistre an kreyòl, fransè ak anglè e ki pase sou radyo nan jounen jedi premye desanm 2016 la, li di li regrèt anpil Nasyon Zini pat fè ase efò pou l konbat epidemi an lè li te fèk eklate nan peyi a. Sekretè Jeneral la pwomèt òganizasyon mondyal la pral ede pèp ayisyen an konbat kolera.

Chèf Nasyon Zini an di òganizasyon an ap travay sou yon plan a 2 volè pou elimine epidemi kolera ann Ayiti e anvan lontan li pral mete plan sa a devan Asanble Jeneral la.

Mèt Brian Concannon se youn nan avoka kap defann viktim kolera yo ann Ayiti. Misye Concannon, ki baze nan vil Boston, nan Eta Massachusetts, se direktè egzekitif Ensiti pou Jistis ak Demokasyi ann Ayiti. Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Mèt Concannon di li satisfè ak deklarasyon Misye Ban Kimoon nan; daprè li, se yon pa istorik ann avan, menmsi kèk aspè deklarasyon an reprezante yon desepsyon pou militan kap defann viktim kolera yo.

Deklarasyon Sekretè Jeneral Ban Ki-moon ki mande eskiz pou eklatman epidemi kolera a ann Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:41 0:00
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:31 0:00

Klike sou 2 lyen anlè yo pou w tande deklarasyon Misye Ban ak reyaksyon Avoka Concannon.

XS
SM
MD
LG