Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Gwoup Eta Islamik la Revandike Atak ak Bonm ki Touye 70 Moun pou pi Piti nan Bagdad, Peyi Irak


Fòs sekirite irakyen yo kap enspekte lye kote atak kamyon pyeje touye 70 moun nan katye Hilla, nan sid Bagdad, Irak, 24 novanm, 2016.
Fòs sekirite irakyen yo kap enspekte lye kote atak kamyon pyeje touye 70 moun nan katye Hilla, nan sid Bagdad, Irak, 24 novanm, 2016.

Yon atak suisid ak kamyon pyeje gwoup Eta Islamik la revandike touye 70 moun pou pi piti nan yon estasyon gaz toupre sid kapital la Bagdad jodi a. Anpil nan viktim yo sete pèleren ki soti nan peyi Iran, ki te nan fèt Shiyit Arbaeen nan Karbala.

Fòs sekirite Irak yo ki sou lye kote atak kamikaz la touye 70 moun ak yon kamyon pyeje nan yon estasyon gaz nan vil Hilla, nan Bagdad, sid Irak, 24 novanm 2016.
Fòs sekirite Irak yo ki sou lye kote atak kamikaz la touye 70 moun ak yon kamyon pyeje nan yon estasyon gaz nan vil Hilla, nan Bagdad, sid Irak, 24 novanm 2016.

Otorite-yo fè konnen otobis chaje ak moun te estasyone nan moman an e ke plizyè machin te boule nèt akoz fòs eksplozyon an nan vil Hilla. Pèleren yo te sou wout pou tounen Iran apre yo te fin vizite Karbala pou obsève Arbaeen.

Arbaeen make finisman yon peryòd 40 jou dèy pou asasinay Imam Hussein, pitit-pitit Pwofèt Mohammed, nan 7èm syèk la. Patizan Iman Hussen yo panse ke yo te antere l nan Karbala.

XS
SM
MD
LG