Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Dr. Jack Guy Lafontant yon Lòt Fwa Devan Sena a pou Prezante Politik Jeneral li


Dr. Jack Guy Lafontant premye minis deziye Ayiti a.
Dr. Jack Guy Lafontant premye minis deziye Ayiti a.

Sena Ayisyen an pral kontinye odyans konfimasyon premye minis deziye a Dr. Jack Guy Lafontant mèkredi 15 mas 2017 la.

Yon premye seyans kote Mesye Lafontant ta pral prezante plan gouvènmam li nan chanm Sena a pat rive fèt lendi 13 mas pase a akoz mank kowòm lè 4 senatè te chwazi kite sal dodyans lan. Seyans prezantasyon premye mins deziye a ak nouvo kabinè li a pat ta ka kontinye akoz depa 4 senatè yo.

Nan madi 14 mas, yon jou apre seyans avòte a, Prezidan Sena, Youri Latortue, te anonse yo pral kontinye ak konfimasyon pou Premye Minis deziye Dr. Jack Guy Lafontant jounen mèkredi 15 mas la a 11 è di maten.

Premye Minis deziye a ak manm kabinè li a te rete an sispan apre 4 senatè yo ki soti nan menm pati politil ak Prezidan Jovenel Moise (PHTK) ak alye li yo te pran desizyon pou pa patisipe nan seyans lan poutèt yon swadizan demand pataj pouvwa yo te fè e ki pat satistè.

Dr. Lafontant ki se chwa pèsonel Prezidan Moise pou pòs premye mins la bezwen apui 16 nan 30 senatè yo ki donk yon majorite absoli avan li ale fè menm eksèsis la nan chanm depite yo.

Si premye minis nome a rive jwenn kantite vòt li bezwen nan Sena a ak nan chanm depite yo, li pral kapab kòmanse enstale manm nouvo gouvènman li an nan jou kap vini yo.

Sepandan, anpil moun gen dout sou chans Dr. Lafontant genyen pou l rive jwenn vòt senatè yo. Analis politik Gédéon Jean di Lavwadlamerik li panse gen yon posiblite pou Dr. Lafontant pa vrèman reprezante premye chwa Prezidan Moise pou pòs premye minis. Mesye Jean di, “ Map mande èske se pa voye yo voye Dr. Jack Guy Lafontant ala bouchri devan palman an. Èske vrèman se chwa pa Prezidan Moise li ye, m pa konnen.”

Senatè opozisyon, Antonio Cheramy, te di nan laprès Premye Minis deziye a, Jack Guy Lafontant, pat peye taks. Li ta sanble fè sa apre Prezidan Jovenel Moise te fin nome li. Ta sanble tou gen lòt pwoblèn nan dokiman li te prezante devan chanm Sena a dapre Senatè Cheramy ki gen responsablite pou etidye dosye idantite Dr. Lafontant.

Seyans Konfimasyon Nouvo Gouvènman Ayisyen an Pa Rive Fèt nan Sena a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:11 0:00

Herve Fourcand, youn nan senatè PHTK yo, rejte chaj ki fè kwè se menm manm pati a nan Gran Kò a ki responsab avòtman seyans ratifikasyon 13 mas 2017 la.

XS
SM
MD
LG