Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Prezidan Sena Ayisyen an sou Rezilta Preliminè Eleksyon Novanm 2016 yo


Prezidan Chanm Sena Peyi D Ayiti a, Ronald Larèche
Prezidan Chanm Sena Peyi D Ayiti a, Ronald Larèche

Prezidan chanm Sena peyi D Ayiti a, Ronald Larèche, di li felisite KEP a ki pibliye rezilta eleksyon prezidansyèl yo nan delè 8 jou jan kalandriye electoral motifye a te prevwa li. Dapre Senatè Larèche, se premye fwa depi 2001 peyi a ap respeke delè 7 fevriye a.

An menm tan tou, Prezidan gran kò a kondane moun, dapre sa l di, kap preche vyolans nan peyi a apre piblikasyon rezilta pasyèl eleksyon yo. Senetè Lareche envite pati politik ki pa dakò ak rezilta yo pou yo pa pwovoke zak vyolans, men pito swiv direksyon lwa electoral la trase sou mwayen pou konteste eleksyon yo.

Klike soul lyen odyo anba tèks la pou dande deklarasyon Prezidan Sena ayisyen an, Ronald Larèche, nan mikwo korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Orpha Dessources.

Reyaksyon Prezidan Sena ayisyen an, Ronald Larèche, sou Rezilta Eleksyon Prezidansyèl 20 Novanm 2016 yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:45 0:00

XS
SM
MD
LG