Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Reyaksyon Minustah sou Move Kondisyon ki Lakoz Lanmò Plizyè Dizèn Prizonye


Sandra Honoré ki se Reprezantan Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH). 24 oktòb 2017. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Sandra Honoré ki se Reprezantan Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH). 24 oktòb 2017. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Dapre yon nòt reprezantan Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) Sandra Honoré fè pibliye nan laprès, gen 42 prizonye pou pi piti ki mouri akoz move kondisyon nan prizon sivil yo atravè peyi a.

Reprezantan MINUSTAH a di li denonse kondisyon prizon yo ann Ayiti kote sèlman nan ane 2017 la, 42 prizonye mouri akoz mank manje, moun pil sou pil, ak mank swen sante.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Madam Honoré a ke Pòt Pawòl MINUSTAH a, Sophie Butean DelaCombe, te li nan laprès.

Nòt pou laprès Reprezandan MINUSTAH pibliye sou Move Kondisyon Moun ki nan Prizon yo ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:07 0:00

XS
SM
MD
LG