Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Ap chache Plizyè Dizèn Prizonye Ki Sove nan Prizon Sivil Bouk Akayè a


Yon madanm kap kriye deyò prizon sivil bouk Akayè a paske Lapolis arete pitit gason li ki tap mache san kat ditantite apre 174 detni te chape nan prizon sila a. Akayè, Ayiti,, 23 Oktòb 2016
Yon madanm kap kriye deyò prizon sivil bouk Akayè a paske Lapolis arete pitit gason li ki tap mache san kat ditantite apre 174 detni te chape nan prizon sila a. Akayè, Ayiti,, 23 Oktòb 2016

Ann Ayiti otoritè yo kontinye ap fouye nan tout rakwen pou rive mete anba kòd aviron 174 detni ki sove nan prizon sivil vil Akayè samdi 22 oktòb 2016 pase a.

Minis jistis ayisyen an, Mèt Camille Edouard Junior, ki te ale sou plas di Lavwadlamerik, 1 polisye ak 2 prizyone pou pipiti pèdi lavi yo pandan ensidan an.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon minis jistis la nan yon entèvyou ak Jean Robert Phillipe.

Entèvyou Minis Jistis Ayisyen, Camille Edouard Junior, Bay Lavwadlamerik sou Dosye Prizonye ki Sove nan Prizon Akayè
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:27 0:00

XS
SM
MD
LG