Accessibility links

Breaking News

Ayiti: La Polis Arete Ansyen Kòmandan Rebèl Guy Philippe


Guy Philippe pandan yon entèvyou nan Pestel, Ayiti. 24 out 2016. (AP Photo / Dieu Nalio Chery)
Guy Philippe pandan yon entèvyou nan Pestel, Ayiti. 24 out 2016. (AP Photo / Dieu Nalio Chery)

Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen B-L-T-S ( Brigad kap Lite Kont Traffic Stupefiant) poze arestasyon Guy Philippe, ki se yon senatè ki te elu nan denye eleksyon yo, e yon ansyen kòmandan polis.

Gen lontan depi DEA (Drugs Enforcement Administration - sètadi ajans Ameriken kap lite kont Trafik Dwòg) tap chache Guy Philippe pou swadizan enplikasyon li nan trafik dwòg.

Nan mwa fevriye 2004, Guy Philippe te dirije yon rebelyon ki te fòs prezidan Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a e ale ann ekzil.

XS
SM
MD
LG