Accessibility links

Breaking News
VOA Direct Programs

Ayiti: Plizyè Fanmi Fè yon Gwòt Tounen Kay yo Depi Apre Pasaj Siklòn Matthew nan Sid Peyi a

Nan mwa oktòb 2016 pase a, gwo van ak lapli te detui plizyè kay nan depatman sid peyi Dayiti. Depi lè sa a, anpil moun lage san zabri. Nouvèl kap sikile fè konnen gen anviwon 30 fanmi pami yo timoun, fanm kou gason ki pran refij yo nan yon gwòt nan mòn Louwou nan Jeremi, Grandans, zòn sid peyi a.

Dapre sa Magloire Belenfant, korepondan yon afilye Lavwadlamerik fè konnen fanmi sa yo ki pa gen kay pou yo rete pase jounen yo nan lari. Men lè lapli tonbe yo antre nan gwòt la pou al dòmi.

Prezidan ayisyen Jovenel Moise te deplase ak Premye Minis Jack Guy Lafontant e plizyè lòt minis nan yon elikonptè pou te rive nan Jeremi vandredi 31 mas 2017 la. Prezidan Moise pale ak moun nan zòn Louwou a devan gwòt la kote li pwomèt pou l kreye lojman pou viktim siklòn Matthew yo.

Load more

XS
SM
MD
LG