Accessibility links

Breaking News

Kòz Lanmò Ansyen Prezidan Aysisyen René Préval Rete yon Mistè pou Anpil Moun Menm Alavèy Antèman li


 Ansyen Prezidan Michel Martelly, agoch, kap salye, Patricia Préval, pitit fi ansyen prezidan René Préval, nan lopital Sainte Claire, Petyon-Vil, Ayiti, 3 mas, 2017.
Ansyen Prezidan Michel Martelly, agoch, kap salye, Patricia Préval, pitit fi ansyen prezidan René Préval, nan lopital Sainte Claire, Petyon-Vil, Ayiti, 3 mas, 2017.

Padan Ayiti ap prepare l pou antèman ansyen Prezidan René Préval samdi 11 mas 2017 la, komisè gouvènman Pòtoprens la di li posib pou se ekzamen ki fèt aletranje ki revele vrè koz lanmò ansyen lidè a.

Ansyen Prezidan ayisyen René Préval mouri 3 mas 2017 pase a nan Petyon-Vil, yon banlye Pòtoprens. Mesye Preval te gen 74 zan. Premye nouvèl sou lanmò ansyen Prezidan an te fè kwè se yon kriz kadyak oubyen yon stwok ki touye l. Sepandan, lanmò sa a tèlman rive san zatann, anpil moun asosye l ak fetich oubyen ak anpwazonman.

Prezidan ayisyen Michel Martelly lè li te sou pouvwa a, adwa, kap mache ak ansyen Prezidan René Préval anvan seremoni douvèti Pak Endistriyèl Karakol la nan Karakol, Ayiti.
Prezidan ayisyen Michel Martelly lè li te sou pouvwa a, adwa, kap mache ak ansyen Prezidan René Préval anvan seremoni douvèti Pak Endistriyèl Karakol la nan Karakol, Ayiti.

Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Danton Léger, ki tap pale ak yon gwoup jounalis, eksplike poukisa li ouvri yon ankèt sou lanmò Mesye Preval ki te pase 2 manda sou pouvwa a.Yon Medsen lejis te fè otopsi kadav la semèn pase apre madam defen an, Elisabeth Preval, te mande Chèf Pakè a ouvri yon ankèt pou detèmine vrè koz lanmò a. Apre otopsi a, medsen lejis la, Jean Armel Dermorcy, ekate posibilte pou se yon kriz kadyak ki touye ansyen prezidan an.

Nan dat jedi 9 mas la, Mèt Daton Léger te deklare pakè a pral òdone plis tès sou echantiyon kèk ògan ak tisi yap pran nan kò defen prezidan an. Si pa ta gen ann Ayiti yon laboratwa ki kapab fè tès apwofondi ki nesesè yo, komisè a di li pral voye echantiyon yo nan yon laboratwa etranje. Chèf Pakè Pòtoprens la ajoute:

“Nou vle tès yo fèt pi vit posib pou n kapab elimine tout sispisyon ki genyen sou lanmò a.”

René Preval te dirije peyi Dayiti ant ane 1996 e 2001 epi ant ane 2006 e 2011. Li se 2ém prezidan ki te eli demokratikman ann Ayiti; se premye presidan ki konplete tout manda li e ki rete viv nan peyi a apre fen manda li.

Kò ansyen Prezidan René Préval nan moman yo tap rantre ak li nan Lopital Sainte Claire, Petyon-Vil , Ayiti. 3, mas 2017.
Kò ansyen Prezidan René Préval nan moman yo tap rantre ak li nan Lopital Sainte Claire, Petyon-Vil , Ayiti. 3, mas 2017.

Kadav ansyen Prezidan Préval te ekspoze vandredi 10 mas la nan Mize Panteyon Nasyonal la (MUPANA), tou pre Palè Nasyonal la.

XS
SM
MD
LG