Accessibility links

Breaking News

Ansyen Senatè Moise Jean Charles Di li Pap Asiste Seremoni Envestiti 58èm Prezidan Eli a Jovenel Moise


 Kandida alaprezidans Jude Celestin (LAPEH), agoch, Moise Jean Charles (Platfòm Pitit Desalin) nan mitan, Jovenel Moise (PHTK). Pòtoprens, Ayiti, 20 septanm 2016. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.
Kandida alaprezidans Jude Celestin (LAPEH), agoch, Moise Jean Charles (Platfòm Pitit Desalin) nan mitan, Jovenel Moise (PHTK). Pòtoprens, Ayiti, 20 septanm 2016. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.

Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Ansyen Senatè Moise Jean-Charles, lidè platfòm politik Pitit Desalin nan fè konnen, li paresevwa oken envitasyon pou seremoni envestiti Prezidan Eli ayisyen an Jovenel Moise.

Ansyen Senatè Depatman Nò ajoute menm si l ta jwenn yon envitasyon konsa, li pa tap onore l. Pakse, li pa rekonèt viktwa Jovenel Moise la.

Jovenel Moise ki te soti venkè nan kous prezidansyèl novanm 2016 la sou lòt kandida yo, ap prete sèman 7 fevriye 2017.

Ansyen Senatè Moise Jean Charles te pami 3 kandida alaprezidans ki te konteste rezilta eleksyon novanm 2016 yo. 3 Kandida sa yo Maryse Narcise (Lavalas), Moise Jean Charles (Platfòm Pitit Desalin) ak Jude Celestin (LAPEH) te konteste tou rezilta eleksyon prezidansyèl oktòb 2015 yo.

Dapre rezilta eleksyon oktòb 2015, Jovenel Moise, kandida sou banyè pati Tèt Kale a (PHTK) te reyalize 32 pou san nan vwa yo. Jude Celestin te 2èm ak 25 pou san. Sepandan, li te rejte posibilite pou l patisipe nan yon dezyèm tou prezidansyèl ak Jovenel Moise ki te reprezante kandida pati Prezidan Michel Matelly ki te sou pouvwa nan epòk la.

Lefètke KEP a pat rive òganize 2èm tou eleksyon yo, Prezidan Matelly te oblije pase pouvwa nan dat 7 fevrye 2016 bay Prezidan Gran Kò a Senatè Jocelerme Privert selon yon konsansis yo te siyen pou peyi pat tonbe nan yon kriz politk.

Enstalasyon yon nouvo prezidan eli ann Ayiti nan jou kap vini la yo pral mete fen ak 2 eleksyon konteste yon bagay ki te lage enstabilite nan peyi depi fen ane 2015.

Ansyen Senatè Depatman Nò a tap repond kesyon anvwaye espesyal Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Jacquelin Belizaire.

Klike sou videyo a pou tande deklarasyon ansyen Senatè Moise Jean Charles la.

Deklarasyon ansyen Senatè Moise Jean Charles nan Mikwo Lavwadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:17:34 0:00

XS
SM
MD
LG