Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enkoni Kalonnen Kòtèj Prezidan Michel Martelly a ak Kout Wòch


Eleman moun pa idantifye, men ke prezidans ayisyèn nan kalifye kòm machann dezagreman, tire wòch aprè midi vandre 17 fevriye a sou kòtèj prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, pandan li te alatèt kèk bann madigra ki t ap pasenan ri Osvald Durand, devan Fakilte Etnoloji a.

Selon korespondan Lavwadlamerik nan kapital ayisyèn nan, genyen etidyan ki blese, ki pran kou anba men gad di kò ki t ap bay prezidan an sekirite, sepandan pa genyen moun ki mouri nan ensidan an.

Daprè yon kominike Biwo Kominikasyon Prezidans lan, se machann dezagreman ki te pran refij anndan lokal fakilte Etnoloji a ki kalonnen kòtèj prezidan ayisyen an a kout wòch. Prezidans lan lanse yon miz an gad kont moun li rele manipilatè k ap ankouraje komèt zak vyolans yon bagay ki kont lwa ki an vigè nan peyi a.

Kominike a kontinye pou l di: "Prezidans lan lanse yon apèl pou l mande popilasyon an ret tèt frèt. li ankouraje tout sitwayen pou yo met tèt ansanm pou yo travay, nan respè lalwa ak prensip demokratik yo,pou pwogrè ak estabilite peyi nou an."

klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute yon repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG