Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Lèzetazini Repete Apui li pou Oganizasyon Vòt 20 Novanm nan ann Ayiti


Anbasad Amerikèn, Pòtoprens, Ayiti.
Anbasad Amerikèn, Pòtoprens, Ayiti.

Anbasad Lèzetazini nan peyi d Ayiti fè parèt, nan jounen mèkredi 16 novanm 2016 la, yon nòt pou laprès sou dewoulman pwochen eleksyon yo ann Ayiti deklarasyon ki di:

"Nan dat 20 novanm 2016 la, Ayisyen yo pral nan biwo elektoral yo pou yo vote pou pwochen prezidan yo ak manm palman an. Nou aplodi nouvo pa sa a gouvènman peyi d Ayiti a ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a franchi apre pasaj Siklòn Matthew pou yo asire yo eleksyon ki merite konfyans dewoule jan kalandriye a prevwa l la. Amelyorasyon Konsèy Elektoral la pote nan pwosesis la ban nou ankourajman e nou lanse apèl bay tout pati konsène yo pou yo patisipe totalman e pasifikman nan pwosesis demokratik la. Se konsa tou, nou ankouraje tout elektè ayisyen ki enskri pou yo al egzèse dwa sivik yo epi vote pou kandida yo prefere a.

"Se avèk preokipasyon Lèzetazini konstate moun te lanse kèk pawòl piman-bouk epi ensidan vyolan te dewoule pandan kanpay elektoral la. Tankou KEP a te di sa nan nòt pou laprès li te pibliye nan dat 17 septanm, 31 oktòb ak 14 novanm nan, chak pati politik genyen obligasyon pou l asire l kanpay li a dewoule pasifikman e an konfòmite ak lalwa. Nou felisite KEP a pou deklarasyon kote li di li pap tolere zak vyolans nan kad pwosesis elektoral la.

"Entimidasyon ak zak vyolans nan eleksyon se pa bagay ki akseptab; sa genyen konsekans negatif sou patisipasyon sitwayen yo nan yon eleksyon. Nan dènye jou sa yo ki vini anvan dewoulman eleksyon 20 novanm nan, nou kontinye ensiste sou enpòtans nesesite pou tout aktè gouvènmantal yo (san bliye otorite nan sistèm jistis la) montre netralite total yo nan pwosesis elektoral la. Nou lanse apèl bay KEP a, Polis Nasyonal d Ayiti\ ak gouvènman ayisyen an pou yo chache gen asirans sila yo ki òganize, finanse oubyen patisipe nan entimidasyon ak vyolans elektoral, reponn kòmsadwa devan lajistis ayisyèn. Lèzetazini ap pran nòt sou tout moun sila yo ki mele nan vyolans elektoral.

"Lèzetazini renouvle apui li pou aboutisman pwosesis elektoral la dapre kalandriye a, yon fason pou pèmèt yon prezidan eli monte sou pouvwa a nan kòmansman ane 2017 la kòm rezilta eleksyon ki onèt e pasifik. Nou pare pou nou tavay ak nenpòt ki moun pèp ayisyen an va chwazi nan eleksyon an pandan nap ranfòse patenarya nou ak Ayiti, yon patenrya ki egziste depi byen lontan."

XS
SM
MD
LG