Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Kanpe sou Piblikasyon Rezilta Ekzamen BED ak BEC yo


CEP LOGO
CEP LOGO

Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè konnen li sispann pwosesis rekritman manm Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED) ak Biwo Elektoral Kominal yo (BEK). Konsèy la gen pou l chwazi yon dat pou l relouvri rejis enskripsyon pou pati politik ki kalifye e ki vle patisipe nan eleksyon yo.

Yon lòt kote, Anbasadris ameriken an ann Ayiti, Pamela White ak anbasadè ameriken nan Repiblik Dominikèn, James Brewster, vizite jedi 24 jiyè a Park Endistriyèl KODEVI ki sitiye ant Wanament (Ayiti) ak Dajabon (Repiblik Dominikèn). Diplomat ameriken yo anonse gouvènman ameriken an kontinye ap ankouraje kwasans ekonomik nan 2 peyi yo.

Ayiti jwenn yon akò ak Repiblik Dominikèn pou sitwayen 2 peyi yo k ap viv lakay lòt la sèvi ak yon kat sante bi-nasyonal pou resevwa swen sante lokal pou SIDA ak Tibèkiloz.

Militan ak responsab lasante nan Sidès Ayiti mande otorite santral yo pou deplase yon inite Polis Nasyonal la ki okipe yon sant sante nan vil Anse-à-Pitres.

Kliké sou Kouté anlè atik sa a (anba Multimedia) pou n tande repòtaj ekip Sèvis Kreyòl la

XS
SM
MD
LG