Accessibility links

Nasyon Zini Mande Peyi Manm yo "Repons sou kontribisyon yo" nan Fon pou Konbat Kolera ann Ayiti avan 6 Mas 2017

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon demonstratè kap ekri yon mesaj an kreyòl avèk penti sou yon mi "Nou mande jistis pou tout viktim kolera " deyò katye jeneral Nasyonzini yo kote yon manifestasyon kont misyon fòs mentyen lapè Nasyon Zini MINUSTAH nan Pòtoprens, Ayiti,, 15 oktòb 2015.

Fon Nasyon Zini pou ede Ayiti rezoud pwoblèm maladi Kolera a gen 8 milyon dola sèlman ladan malgre pwomès plizyè peyi manm te fè pou pote kontribisyon pa yo.

Nan fen ane 2016 la, Nasyon Zini te pwomèt pou l ranfòse lit lap mennen pou konbat fleyo kolera sòlda mentyen lapè yo te pote ann Ayiti nan neglijans, e ki kontinye ap touye moun nan popilasyon an.

Sepandan, jouk kounyea Nasyon Zini rive ramase sèlman yon ti kantite zwit nan 400 milyon dola ki nesesè pou mennen kanpay kont epidemi an nan 2 ane kap vini yo, dapre yon nòt nouvo sekretè jeneral òganizasyon mondyal la.

“Fon kontribisyon an poko ase. Se sèlman 2% nan lajan òganizasyon an ap chache a li rive ranmase,”Sekeretè Jeneral ONU, Antonio Guterres, di nan yon lèt li ekri reprezantan pèmanan chak peyi manm yo.

Kantite lajan ki antre a reprezante 8 milyon dola. Nan dat 8 fevriye 2017 pase a, 5 peyi manm—pami yo Chili, Lafrans, End, Liechtenstein ak Kore di Sid te pwomèt pou mete nan fon an 2 milyon dola. An deyò fon sa a, Japon te pwomèt 2.6 dola, e Kanada 6 milyon.

Nan lèt la, Mesye Guterres mande tout peyi manm yo fè l konnen entansyon yo sou pwomès yo te fè pou ede finase kanpay kont epidemi kolera a ann Ayiti, e yo ta dwe fè sa pou pita 6 mas 2017.

Gouvènman ameriken pou kont pa l te pran an angajman pou l bay Ayiti yon èd $ 2.9 milya dola nan efò pou ede peyi a rekanpe sou pye l e rekonstwi apre tranblemandtè 12 janvye 2010 la ki te detui lavi plizyè milye moun nan Pòtoprens.

Enfòmasyon sou kòman epidemi kolera rive ann Ayiti fè kwè se fòs lapè Nasyon Zini ki soti nan peyi Nepal ki te pote maladi a nan peyi a nan mwa Oktòb 2016. Depi lè sa a, plis pase 788.000 moun pou pi piti te atrape maladi a e anviwon 9.000 lòt pèdi lavi yo.

Nan mwa Desanm 2016 pase a, Sekretè Jeneral Nazyon Zini nan epòk la, Ban Ki-Moon, te mande pèp ayisyen an padon nan non òganizasyon mondyal la, akoz “kantite moun kap soufri ak lòt ki pèdi lavi yo anba epidemi kolera a.”

Sekretè Jeneral Ban Ki-Moon te pale nan yon reyinyon ki pat ofisyèl kote li te di, “ Elimine kolera ann Ayiti se yon responsabilite moral nou genyen vizavi moun ki afekte yo. Li ajoute, “Nap bezwen pran tout angajman nou pou mobilize resous ki nesesè pou rive rezoud pwoblèm sa a.”

Sekretè Jeneral Nason, Zini Ban Ki-Moon, (sant) ak yon Kaskèt ble nan tèt li, kap salye popilasyon an pandan lansman an yon kanpay sanitasyon nan Henche, Ayiti, 14 Jiyè, 2014.

Sekretè Jeneral Nason, Zini Ban Ki-Moon, (sant) ak yon Kaskèt ble nan tèt li, kap salye popilasyon an pandan lansman an yon kanpay sanitasyon nan Henche, Ayiti, 14 Jiyè, 2014.

2 Fasèt Enpòtan

Nasyon Zini te di li pral abòde pwoblèm kolera a antwòt an 2 fasèt ki se, diminye epidemi ak ede fanmi viktim yo.

Premye bu a se rive redui kantite ka maladi a chak ane soti nan 30.000 moun pou desann nan 10.000 pou pita nan finisman ane 2018 la. Dezyèm nan se asire ke tout ayisyen ka jwenn dlo potab pou yo bwè e ak twalèt ijenik pou pi ta nan ane 2030. Se sèlman yon-ka nan popilasyon Ayiti a pou kounye a ki gen twalèt pwòp pou yo fè bezwen yo.

Dapre U.S. Centers for Disease Control and Prevention, Sant Etazini pou Kontwole e Prevni Maladi, bakteri ki bay maladi kolera a rele “Vibrio Kolere” e yo jwenn li nan matyè fekal moun ki enfekte ak maladi a. Vibrio Kolere se yon mikwòb ki fasil pou gaye nan manje ak dlo moun ap bwè sitou nan zòn kote pa gen bon sanitasyon.

Demach Te Fèt pou Mande Reparasyon

Fanmi aviwon 5.000 moun ki te viktim maladi kolera a te pran chimen lalwa okomansman kont Nasyon Zini an 2011, pou mande reparasyon. Sepandan Biwo Afè Jiridik òganizasyon mondyal la te deklare demand viktim yo “iligal.”

Jounal Ameriken The New York Times te pibliye yon atik sou dosye kolera a ann Ayiti nan mwa Daout 2016 kote li rapòte ke Nasyon Zini admèt wol li nan pote epidemi kolera a nan peyi a.

Direktè Ekzekitif Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti, yon òganisasyon charite kap defann ayisyen ki viktim maladi kolera ak tout fanmi yo, Brian Concannon, di Lavwadlamerik li te swete mwatye nan 400 million dola a ta pral jwenn viktim yo, swa nan pwoje kominotè tankou bati nouvo lopital ak lekol, oswa nan separe lajan asirans lan bay fanmi viktim sa yo.

Mesye Concannon te deklare : « Men an reyalite, pa gen anpil lajan”. Mesye Conkannon di li konnen gen moun ki konseye kliyan li yo pou yo “retire espwa sou dosye sa”, men li di: “viktim kolera yo gen dwa resevwa yon dedomajman dapre lalwa entènasyonal, e Nasyon Zini dwe kenbe pwomès li te fè pou l obeyi lalwa.”

Mesye Concannon ajoute pou l di li pa gen yon lide sou kijan de èd materyel viktim yo dwe jwenn, men dapre li, viktim yo ak fanmi yo dwe ka fè tande vwa yo jan Nasyon Zini te pwomèt li a. Mesye Concannon fè konnen reprezantan Nasyon Zini yo “poko janm kontakte viktim yo. »

Pa Dekouraje

Direktè Jeneral Ministè Sante Public la ann Ayiti, Gabiel Thimothé deklare “Ayisyen pap pèdi espwa” yo rete kwè Nasyon Zini pap bliye rezon ki fè li ekziste a.”

Pou kounyea, Mesye Thimothé di ministè lap dirije a ap fè tou sa l kapab pou redwi kantite moun ki trape maladi a. Li mache bay yon milyon doz vaksen òganizasyon mondyal lasante Nasyon Zini an, OMS, te rasanble pou ministè a apre yon siklòn te ravaje sid peyi a nan mwa Oktòb ki sot pase a. Mesye Thimothé fè konnen tou li gen plan mete sou pye yon pwogram vaksinasyon nan 4 kwen peyi a. Direktè Jeneral Sante Piblik la te pale tou sou jan moun dwe sèvi pou yo pa pran mikwòb. Dr. Thimothé di lap travay chak jou pi plis pou tout popilasyon kapab jwenn bon jan dlo pwòp pou yo sèvi.

Klike sou videyo anba tèks la pou suiv yon ekstrè nan yon entèvyou Mesye Thimothé te bay Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG