Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Ansyen Prezidan René Préval Mouri; Li te Gen 74 An


Ansyen Prezidan Ayisyen, Rene Preval, pandan li tap pale ak laprès apre li te fin vote nan eleksyon 20 mas 2011 yo nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Alexandre Meneghini)
Ansyen Prezidan Ayisyen, Rene Preval, pandan li tap pale ak laprès apre li te fin vote nan eleksyon 20 mas 2011 yo nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: AP/Alexandre Meneghini)

Ansyen Prezidan ayisyen René Préval mouri vandredi 3 mas 2017 la apre li te fin sibi yon arè kadyak, dapre laprès ann Ayiti. Li te gen 74 lane sou tèt li.

René Préval te fè 2 manda kòm prezidan, premye fwa a ant 1996 e 2001, e 2èm fwa a ant 2006 e 2011. Li se sèl prezidan ayisyen ki te janm fè 2 manda ann antye san yo pa t arete l, ni ekzile l ni touye l.

Anvan li te monte prezidan, Préval te travay nan èd imanitè e te ale nan inivèsite an Bèljik pou etidye agwonomi.

Li te rete Nouyòk pandan plizyè lane nan ane 70 yo, anvan li te retounen ann Ayiti kote li te travay pou Enstiti Nasyonal Resous Mineral.

Préval te pase premye minis anvan li te prezidan, kote li te travay sou Prezidan Jean-Bertrand Aristide, premye prezidan ayisyen ki te eli demokratikman.

Ansyen Prezidan Ayisyen René Préval kite yon madanm ak 2 pitit pitit.

XS
SM
MD
LG