Accessibility links

Breaking News

Konpayi Asirans Entènasyonal CCRIF Bay Ayiti 23 Milyon Dola pou Ede Viktim Siklòn Matthew yo

Bertha Messilier apiye sou yon mi ak men nan machwè apre mari li, Edma Desravine, te disparèt pandan pasaj siklòn Matthew sou peyi D Ayiti. Mari dam sa a t ap soti Pòtoprens pou l ale Okay lè gwo van ak lapli te kwaze li nan wout depi lè sa yo pa gen tras li. (AP Photo/Dieu Nalio Chery)

Yon kompayi asirans pou desaz nan Karayib la ki rele "Caraibean Catastrophe Risk Insurance (CCRIF)" debloke 23 milyon dola pou peyi D Ayiti ede viktim siklòn Matthew yo, dapre Senatè Youri Latortue

YOURI LATORTUE --Senatè Repiblik D Ayiti pou Depatman Latibonit- Prezidan Etik ak Anti-koripsyon Sena Ayisyen an
YOURI LATORTUE --Senatè Repiblik D Ayiti pou Depatman Latibonit- Prezidan Etik ak Anti-koripsyon Sena Ayisyen an

Senatè Latortue di li byen kontan Ayiti se manb konpayi asirans sila a bank mondyal ap sipòte. Selon deklarasyon senatè depatman Latibonit la, CCRIF te dekese 7.7 milyon dola pou peyi D Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

"Palmamtè yo poko jwen oken enfòmasyon nan men gouvènman an sou deblokaj lajan sila ki dejan chita nan kès leta Ayisyen," pou n site deklarasyon Senatè Youri Latortue.

Senatè Latortue kontinye pou l di, " Se poutètsa, mewn evoke posibilite pou komisyon anti koripsyon an konvoke minis finans la pou l vin bay eksplikasyon sou ki jan gouvènman an pral depanse lajan sila a." Fend sitasyon.

Plis detay sou deklarasyon Senatè Youri Latortue a nan yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik Orpha Desources depi pòtoprens.

Deklarasyon Senatè Youri Latortue sou dosye 23 milyon dola CCRIF la nan Mikwo Orpha Dessources
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:17 0:00

XS
SM
MD
LG