Accessibility links

Breaking News

7 Moun Mouri nan yon Atak Teworis nan Vil Lond Kapital Peyi Angletè; Lapolis Touye 3 nan Sispèk yo


Polisye Britanik yo sou lye atak la.dimanch 4 jen 2017.
Polisye Britanik yo sou lye atak la.dimanch 4 jen 2017.

Nan yon deklarasyon douvanjou dimanch 4 jen 2017 la, otorite lapolis yo nan vil Lond fè konnen 7 moun nan popilasyon an ak 3 asayan ki te atake yo pèdi lavi yo nan dènye atak teworis ki fèt nan kapital britanik la nan samdi swa.

Yon gwo otobis livrezon te antre ak tout boulin sou pyeton ki tap mache sou totwa Pon Lond lan byen ta samdi 3 jen an. Apre sa, machin nan te pran direksyon Mache Borough la kote 3 nèg desann ak kouto nan men yo epi ponyade plizyè moun sanzatann.

Lapolis fè konnen, nan 8 minit anviwon, 3 bandi yo te tonbe anba bal ofisye ame ki te premye rive sou sèn nan apre yo te fin resevwa apèl dijans pou pote sitwayen yo nan mache a sekou. Dapre lapolis britanik, 3 asayan yo te gen jilè ki pou fè yo sanble ak kamikaz, teworis ki konn eksploze tèt yo nan moman yap yon pèpetre atak.

Pou kounye a, gen plis pase 48 blese kap resevwa swen nan anviwon 5 lopital dapre enfòmasyon sèvis sekou Lond pipliye sou kont Twitter li.

Otorite britanik yo konsidere zak sa a tankou yon atak teworis. Majistra Lond lan, Sadiq Khan, denonse atak la. Li fè konnen Premye Minis Theresa May ap prezan nan yon reyinyon an ijans gouvènman an ap fè ansanm ak gwoup ki espesyalize nan jan de kriz sa yo. Kanpay ki tap dewoule nan peyi a nan kad eleksyon lejislatif yo sispann apre atak la.

Majistra Lond lan deklare: “Pa gen anyen ki ka jistifye yon move zak konsa sou yon bann abitan ak vizitè inosan nan vil la.”

Depi nan mwa mas peyi Angletè ap fè fas ak zak teworis.

Atak samdi swa a sou Pon Lond lan ak ensidan nan Mache Borough la fè 3èm aksyon teworis yo poze nan Grand Bretay. Yon machin te antre sou pyeton sou Pon Westminster a, sa pa gen lontan; e semèn pase a, yon jenn nonm te eksploze tèt li andan Stad Manchester a kote li touye 12 moun e blese 100 lòt.

Etazini ofri èd li bay Grand Bretay nan moman atak teworis sa yo.

Nan samdi swa, Lamezon Blanch te fè konnen Prezidan Donald Trump ofri “tout sipò Etazini” nan investigasyon sou “atak brital” sa a teworis yo fè nan Lond. Premye sitwayen Etazini an te pale konsa ak premye minis britanik la, Teressa May nan telefòn samdi swa apre nouvèl sou atak la.

Depatman Deta Ameriken soti yon nòt kote li fè konnen li kondane atak san parèy sa a ki fèt sou sitwayen yo nan Lond. Nòt la di, “ Nou konpran otorite yo nan Grand Bretay ap trete atak sa kòm yon zak teworis. Etazini kanpe ap tout pèp britanik la, e li pare pou ofri otorite Angletè yo tout sipò yap bezyen nan moman sa a.

Pandanstan, Depatman Sekirite Teritoryal Ameriken an fè konnen yo an kontak sere ak otorite Britanik yo. Dapre yon nòt ofisyèl depatman an pibliye, pa gen okenn enfòmasyon ki ta fè kwè peyi Etazini ta anba yon menas teworis apre sa ki sot pase nan Lond la.

XS
SM
MD
LG