Accessibility links

Breaking News

Reeleksyon Diosdado Cabello Kòm Prezidan Asanble Nasyonal Venezuela a


Vis-prezidan venezuelyen Nicolas Maduro (agoch) kap koute prezidan Asanble Nasyonal la pandan inogirasyon sesyon palmantè a nan Caracas (5 january 2013)
Vis-prezidan venezuelyen Nicolas Maduro (agoch) kap koute prezidan Asanble Nasyonal la pandan inogirasyon sesyon palmantè a nan Caracas (5 january 2013)
Asanble Nasyonal Venezuela a reeli Diosdado*Cabello kòm prezidan. Misye Cabello se yon alye pwòch prezidan Hugo Chavez e li ka tounen prezidan pwovizwa si misye Chavez demisyonnen oubyen desede.

Misye Cabello pwomèt pou l defann sa li rele “revolisyon Chavez la” nan moman li tap prete sèman samdi 5 janvye a. Alye prezidan Chavez yo genyen majorite nan Asanble a e yo okipe tout pozisyon lidèchip nan Chanm nan.

Prezidan palman venezuelyen an ka okipe fonksyon prezidan an an’n atandan nouvo eleksyon dewoule nan peyi a.

Prezidan Hugo Chavez ap swiv tretman nan kiba pou yon kansè nan rejyon pelvis. Moun pa wè li an piblik depi anviwon yon mwa. Responsab venezuelyen yo pa di ki typ kansè lidè yo a genyen e yo pa non plis di ki eta kondisyon sante li.

Misye Chavez te ranpòte yon nouvo manda nan mwa oktòb 2012 kòm prezidan Venezuela. Vis-prezidan Nicolas Maduro di si misye Chavez pa kapab prete-sèman jedi kap vini la a devan Asanble Nasyonal la, li kapab toujou fè sa pita devan Kousiprèm venezuelyen an.

(*Dieudonné, Dyedone)
XS
SM
MD
LG