Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Venezuela Fas a Fas nan 47 Asanble Jeneral OEA a


Asanble Jeneral OEA nan Cancun, Meksik
Asanble Jeneral OEA nan Cancun, Meksik

Minis Afè etranjè yo kontinye miltipliye negosiasyon bilateral yo avan kloti 47èm asanble jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo mèkredi 21 jwen 2017 la nan Cancun, Meksik.

Peyi manm yo divize an 2 kan, sila yo ki an favè yon rezolisyon miskle kont peyi Venezuela kap fè fas ak boulvès politik ki menase estabilite ak demokrasi a; ak lòt peyi ki kont, sa yo rele, yon enjerans nan afè entèn Venezuela.

Asistan Sekretè Deta ameriken an, John Sullivan, ki an favè yon misyon evalyasyon OEA nan repiblik bolivaryèn nan, fè plizyè rankont avèk kèk chanselye pou ankouraje yo apiye yon deklarasyon final kont gouvènman Nicolas Maduro a. Nan sans sa a, chèf delegasyon amerikèn nan rankontre madi 20 jwen an avèk Minis Afè Etranjè ayisyen an, Anatonio Rodrigue, ki te fè abstansyon nan vòt sou yon premye pwojè rezolisyon ki te manke 3 vwa pou l te adopte. Minis Antonio Rodrigue pat bay onkenn detay sou rankont sa a.

Chanselyè venezuelyèn nan, Delcy Rodriguez, bò kote pal, ki te fè echanj vèbal avek chèf delegasyon amerikèn nan, John Sullivan, bay plizyè entèvyou ak konferans pou laprès pou sansibilize lòt peyi ki kont, sa yo konsidere, kom enjerans nan afè entèn Venezuela.

Si nan reyinyon ministeryèl 19 jwen an, 20 peyi ki te an favè rezolisyon an te bezwen yon majorite absoli, swa 23 vwa sou 34, nan vòt 21 jwen an, yo pral bezwen yon majorite senp, swa 18 vwa sèlman pou rezolisyon kont prezidan venezyelyen an adopte, dapre eksplikasyon Minis Afè Etranjè ayisyen an, Antonio Rodrigue bay Lavwadlamerik.

Diskou Chanselye Ayisyen an Devan Asanble Jeneral OEA a nan Cancun, Meksik

Nan diskou Mesye Rodrigue devan Asanble Jeneral OEA nan Cancun, li prezante Ayiti kòm modèl demokrasi reprezantatif yo te ka aplike nan kad solisyon yap chèche pou rezoud kriz politik Venezuela a. Chanselye a site kòm ekzanp, eleksyon ki te rive mete prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a ann Ayiti, nan eleksyon ki te fè san enjerans, men, avèk akonpayman Oganizasyon Eta ameriken yo.

Klike sou videyo a ki anba tèks la pou kapab tande diskou Chanselye Antonio Rodrigue la.

Diskou Chanselye Ayisyen an, Antonio Rodrigue nan 47 Asanble Jeneral OEA a nan Cancun, Meksik
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:25 0:00

XS
SM
MD
LG