Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Peyi Larisi nan Nasyon Zini, Vitaly Churkin, Mouri Mò Sibit nan New York


Logo Nasyon Zini. 3 septanm 2013. (Foto: AP /Bebeto Matthews)
Logo Nasyon Zini. 3 septanm 2013. (Foto: AP /Bebeto Matthews)

Anbasadè Larisi nan Nasyon Zini, Vitaly Churkin, mouri nan laj 64 lane.

Ministè Afè Etranjè Larisi a pibliye yon kominike ki di ke Mesye Churkin mouri “mò sibit” nan New York lendi 20 fevriye 2017 la, yon jou anvan li fete 65èm anivèsè li.

Ministè a voye “kondoyans pi pwofon" li bay fanmi ak zanmi Mesye Churkin, e kalifye l kòm “yon gwo diplomat ris."

Veteran diplomat la te tanmen karyè li nan ane 1970 yo lè l te travay nan Jenèv an Swis an 1974 kòm tradiktè pandan negosyasyon Etazini ak Inyon Sovyetik yo pou 2èm Trete sou Limitasyon Zam Estratejik yo Ameriken rele START 2. Tou le 2 pati yo te siyen trete a an 1979.

Msye Churkin te anbasadè Larisi nan l ONU depi 2006.

XS
SM
MD
LG