Accessibility links

Breaking News

30 Moun pou Pipiti Mouri nan yon Atak Teworis nan yon Lopital Militè ann Afganistan


Abitan afgan kap kriye apre yon atak yon gwoup teworis fè sou yon lopital militè nan Kaboul kote yo touye plis pase 30 moun, mèkredi 8 mas, 2017 la. (Foto: AP/Rahmat Gul)
Abitan afgan kap kriye apre yon atak yon gwoup teworis fè sou yon lopital militè nan Kaboul kote yo touye plis pase 30 moun, mèkredi 8 mas, 2017 la. (Foto: AP/Rahmat Gul)

Nan Afganistan, bandi ame, (pami yo genyen ki te degize ak unifòm doktè), lanse jodi mèkredi 8 mas 2017 la yon atak sou pi gwo lopital militè ki egziste nan kapital la, Kaboul, kote yo touye omwens 30 moun epi blese plizyè douzèn lòt, dapre ministè defans afgan an.

Lapolis pat pèdi tan pou ansèkle lopital la, kote yo touye tout atakan yo pou mete fen nan yon syèj ki dire plizyè èd tan. Dapre kèk temwen, atak la te kòmanse ak yon eksplozyon nan prensipal pòt antre lopital la ki genyen 400 chanm, nan katye Sardar Daud Khan, nan sant vil Kaboul, byen bonè jounen mèkredi a.

Eksplozyon sa a te pèmèt plizyè atakan antre an fòs andedan enstalasyon medikal a.

XS
SM
MD
LG