Accessibility links

Breaking News

2 Moun Mouri ak Plizyè Lòt Blese nan yon Atak nan yon Medya Leta nan Afganistan


Fòs sekirite afgan yo ki rive sou lye atak la nan Jalalabad, lès Afganistan 17 me 2017.
Fòs sekirite afgan yo ki rive sou lye atak la nan Jalalabad, lès Afganistan 17 me 2017.

Yon gwoup militan ame jis nan dan pami yo plizye kamikaz anvayi yon enstalasyon radio-tele-difizyon nan lès Afghanistan, kote yo touye omwen 2 moun e yo blese 20 lot pou pi piti dapre otorite yo.

Otorite yo di fòs sekirite afgan yo te gen tan ansèkle enstalasyon an tou suit e yo touye asayan yo nan yon mariaj kout zam ki mete fen nan siej la. Atak sa a fèt mekredi 17 me 2017 a nan Jalalabad kapital provens Nangarhar la.

Kamikaz yo te sote tèt yo; sa ki te kreye chemen pou lòt yo antre nan bilding Radio-Televizyon Nasyonal Afghanistan (RTA); se sa otorite ak temwen ki te sou plas yo di jounalis lokal yo. Pako gen oken moun ou gwoup moun ki pran responsabilite pou atak sa a.

XS
SM
MD
LG