Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Arestasyon 10 Manm Yon Oganizasyon Charite Ameriken


Lapolis nan peyi Dayiti arete 10 moun kap travay pou yon òganizasyon karitativ ameriken e ki sanble mele nan trafik timoun, apre yo tap eseye janbe fwontyè Repiblik Dominikèn avèk plis pase 30 timoun san papye adopsyon legal.

Minis afè sosyal ayisyen Yves Christallin kalifye operasyon an kòm yon anlèvman e li di timoun yo dwe genyen otorizasyon ministè li a anvan yo kite peyi a.

Prevni yo, 5 gason ak 5 fanm, ap travay pou yon òganizasyon karitativ ki baze Ozetazini (New Life Children’s Refuge), Yo di yo ta pral eseye al mete timoun yo nan yon òfelina nan Repiblik Dominikèn.

Legliz ki patwone òganizasyon an pibliye yon atik sou sit entènèt li pou di : /yo arete moun yo nan move kondisyon e lap travay pou jwenn liberasyon yo e lave non yo/.

Otorite ayisyen yo eksprime kè sote pou trafikan ki mele nan “anlèvman moun” pa eseye pwofite sitiasyon ki ekziste apre tranbleman’n tè a pou yo vinn abize ti òfelen ann’ Ayiti.

XS
SM
MD
LG