Accessibility links

Breaking News

Anpil Reskape Tranbleman'd Te 12 Janvye di Yo Twomatize


Pandan yon emisyon espesyal sevis kreyol la fe 27 Janvye ki reyuni entelokute nan Potoprens, Washington ak Miami, suvivan ki pran la pawol yo fe konnen youn nan bagay yo pi bezwen kounyea se konsey psikolojik. Moun sa yo di yo ta renmen konnen kijan pou yo fe fas ak gwo chok yo sot pran an.

Psikolog Maude Silver, ki se yon terapis ki espesyalize nan pwoblem familyal deklare " Nou bezwen spesyalis, ekspe, pou ede moun yo -- suvivan yo Anayiti."

YOn lot konsey li bay, se pou suvivan yo pa mize two pou moun ki mouri yo men pito sou lavni epi sa yo ta renmen akonpli. Li ajoute ke souvni ki ba yo ke kontan kapab remonte moral yo si yo santi yo two deprime. Li ajoute li toujou bon pou yo pale tou de sa kap trakase yo.

Psikolog Marie Jose Francois bo kote pa li kwe "206 zan apre endepandans Ayiti, 2010 se kapab renesans Ayiti." Madan Francois di li kwe se yon bon opotunite pou Ayisyen kole tet ansanm pou rekonstwi peyi a net.

Yon lot plent reskape yo soulve se mank oganizasyon. Yo di fok ta gen pi bon kowodinasyon ant otorite yo ak ajans sekou yo pou pemet asistans rive mwenn moun ki nan bezwen yo.

An fen, le yon odite mande psikolog Maude Silver ki konsey li ta kapab bay pou yon moun kap eseye reprann lavi li apre gwo trajedi sa a, li reponn pou di li difisil pou evalye dimansyon, enpak psikolojik evenman sa a genyen sou yo - li di se kapab yon enpak ki dure dez ane. Madam Silver ajoute se pou suvivan yo prete atansyon a kijan yo santi yo de jou an jou epi pran dispozisyon pou yo konsulte yon spesyalis yon pwofesyonel si yo jwenn ke yap we mo tout tan oubyen si yo komanse fe alusinasyon - setadi we bagay ki pa la vreman.

XS
SM
MD
LG