Accessibility links

Breaking News

Anpil Ayisyen Poko Ka Jwenn Sekou Malgre Ogmantasyon Asistans Entènasyonal la


Nouvo akò sekirite Etazini fè pou ede sipèvize prensipal mwayen transpò yo ann Ayiti, se yon efò pou defini byen klè wòl fòs 18-mil solda ameriken k’ap rive nan jou k’ap vini yo.

Pandan twoup ameriken yo kontinye ap konsantre sitou sou efò pou transpòte blese e asire sekirite nan prensipal enstalasyon yo, moun nan zòn nan ap tann plis asistans toujou.

E yo pa kache enpresyon yo lè yo rankontre ak laprès.

Pa deyò kloti ayewopò entènasyonal Pòtoprens la, yon pakèt Ayisyen ap suiv 24 sou 24 deplasman avyon ak elikoptè kago yo.

Pou anpil moun, tout aktivite sa a, nan yon sans, se yon mizè.

Marielle Blanc pedi 2 timoun, kay li, ak travay li kòm koutiryè. Kounye a, l’ap dòmi nan lari ansanm ak rès fanmi li. Marielle fè konnen li te vin nan ayewopò a paske se la etranje yo ye, e li te espere jwenn yon ti èd. Li ajoute ke

l’ap tann toujou pou l’ tande ki plan yo genyen.

Pandan foul moun rasanble pou yo fè yon repòtè etranje tande doleyans yo, yo fè konnen yo pa konprann pou kisa tout avyon sa yo ateri nan ayewopò a, tandiske èd ki rive jwenn yo a piti anpil.

Operasyon èd entènasyonal yo epapiye anpil kote nan kapital la, e gwo ekipman lou ap wete debri yo anba lavil la. Men se atò gen moun ki nan bezwen. Sampan Junior se yon jenn gason 22 zan k’ap etidye kontabilite, ki te travay nan yon boulanjri jiska semèn pase a. Li pèdi manman l’ ak papa l’ lè kay kote yo te rete a te kraze.

Li di, “Mwen sèlman vle travay pou Ameriken yo pou m’ ka fe yon ti kòb pou manje.”

Prensipal misyon sòlda ameriken yo se transpòte blese yo, men anmenmtan, y’ap fè patwouy nan lari e yo kòmanse òganize yon pwogram pou bay travay. Samdi, sòlda yo te tabli yon kan pou pran non moun k’ap chache travay, e detèmine sa yo konn fè. Malgre yo prèske pa fè piblisite pou pwogram sa yo, dè santèn moun kanpe nan liy pou yo enskri.

Anvan tranblemanntè a, yon afè 70-pousan Ayisyen t ‘ap viv ak pa plis ke 2 dola pa jou. Kounye a, yon pakèt biznis fèmen e gen plis moun ki pa nan travay.

Gouvènmen ayisyen an fè konnen li dwe dabò bay moun yo kote pou yo rete, wete yo nan abri tanporè kote yo fè ladesant kounye a, epi tanmen apre sa yon kokenn pwogram pou bay travay nan efò pou rebati peyi a.

XS
SM
MD
LG