Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Anonse Kreasyon Yon Fon Bush-Clinton Pou Ayiti


Prezidan ameriken an, Barack Obama rankontre maten an ak ansyen prezidan George W. Bush e ak Bill Clinton nan Mezon Blanch lan pou diskite sou travay ya’p fè pou ede pèp ayisyen an. Misye Obama mande 2 prezidan ki te pase anvan’l sou chèz-boure a pou yo ede ranmase lajan pou yon /fon sekou/ anfavè Ayiti.

Misye Obama deklare : “2 lidè ki avèk mwen jodi a, pral asire ke sitiasyon sa a koresponn ak yon efò istorik ki ale pi lwen ke gouvènman nou an; paske Lèzetazini pa genyen pi gwo ressous ke fòs ak konpasyon pèp ameriken an. Nou fenk finn fè chita-pale, nan biwo oval la (yon biwo yo tou lè 2 konnen trè byen) e mwen kontan deske prezidan George W. Bush ak prezidan Bill Clinton aksepte dirije yon kokenn efò pou kolekte lajan anfavè Ayiti”.

Yon nòt Fon an pibliye sou yon sit entènèt li pou lansman pwojè www.clintonbushhaitifund.org li pwomèt li pral bay 100 pousan don ki fèt atravè Fon Haiti Bush-Clinton nan pral sèvi pou efò sekou yo ann’Ayiti.

Ansyen prezidan Bill Clinton, ki se anvwaye espesyal Nasyonzini, ap kolekte lajan tou atravè Fondasyon Clinton nan.

Vendredi, gouvènman ameriken an te bay ayisyen kap viv nan sitiasyon ilegal Ozetazini yo pwoteksyon tanporè pou 18 mwa san yo pa bezwen krenn depòtasyon e ba yo dwa pou yo travay nan peyi Etazini an.

Responsab Depatman Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano, bay ayisyen ki deja ap viv nan peyi a anvan tranblemann’tè ki devaste peyi yo 12 janvye 2010 la Stati Pwoteksyon Tanporè.

XS
SM
MD
LG