Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Hillary Clinton Samdi Nan Pòtoprens


Sekretè Deta Hillary Clinton gen pou’l debake an Ayiti samdi 16 janvye a pou’l rankontre ak prezidan Rene Préval e konstate ak pwòp zye’l efò sekou ki sou pye nan kad tranblemann'tè ki frape nasyon karibeyen an. Madan Clinton dijès sa a pral mete aksan sou apuisolid Lèzétazini, solidarite ak senpati peyi li a pou pèp ayisyen an.

Chèf diplomasi amerikèn nan, ki pa vle deranje efò sekou yo, dwe rive nan Pòtoprens abò yon avyon kago militè ki deja angaje nan misyon asistans la, e li pa pral kite zòn ayewopò Toussaint Louverture la.

Sekretè Deta ameriken an di laprès "li pral rankontre ak prezidan ayisyen an, pèsonèl militè ak pèsonèl sivil kay bay asistans ann' Ayiti nan lokal aywopò a. Clinton pral pwofite remèsye manm òganizasyon non-gouvènmantal yo pou efò y'ap deplwaye pou demontre solidarite Lèzétazuni avèk pèp ayisyen an . "Kè nou ak priyè nou al jwenn pèp Ayiti a, sekouris vanyanyo ki sou teren an ap travay pratikman vennkatrè sou vennkat. Nou tande yon seri bon nouvèl ki rechofe kè nou jodi jedi a, istwa moun ki vivan e ki pòte yo byen sekouris retire anba debri yo. Nou vle reyafime supò nou bay sila yo ki viktim nan dezass sa a".

Sekretè Deta Clinton ap rive ann' Ayiti ak yon ekip gwo responsab ameriken--pami yo chèf ajans ameriken pou devlopman entènasyonal la (USAID), Rajiv Shah.

Prezidan Barack Obama pran angajman pou ‘l dekese 100 milyon dola pou Ayiti nan kad efò asistans pou nasyon karibeyen an, e gen yon responsab ameriken ki fè konnen sòm lajan sa a kapab byen vinn ogmante ofiramezi tan ap pase, paske Ayiti gen pou’l resevwa tou gwo kontribisyon donatè prive pral voye bay ONG kap travay nan peyi a.

Chèf diplomasi amerikèn nan di li pa vle souzestime enpòtans tach ki anfas Ayiti ansanm ak supòtè entènasyonal li yo genyen devan yo, sepandan li prezise peyi a gen fòs ki nesesè pou’l travèse sitiasyon lap viv jounen jodia. "Yon peyi ki pase anba kat siklòn ane pase anwo ak yon tranblemann'tè ane sa a, se sèten ke’l genyen plis pwoblèm pase sa’l dwe genyen. Men mwen panse nou prann anpil leson, e gen yon kote vanyan lakay ayisyen yo, ak yon angajman bò kote gouvènman aktyèl la ki, dapre mwen, pral kapab rekonstwi e remete peyi a kanpe...e ke efò yo pral pote rezilta pozitif".

Madan Clinton di avyon li pral utilize pou vwayaje al Ayiti a pral transpòte materyèl sekou e lè menm aparèy la ap retounen Ozetazini lap tou rantre ak pèsonèl sivil ameriken e ak lòt moun kap kite peyi a.

XS
SM
MD
LG