Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Etazini an Deklare: "Lamerik Pare Pou Li Jwe Wòl Lidè Ankò Nan Lemond"


Barack Obama tounen ofisyèlman 44èm Prezidan Etazini jodi madi 20 janvye a, a midi sonan, annakò ak manman-lwa peyi a. Anfèt, li te vin Prezidan depi anvan li prete sèman, paske te gen yon ti reta nan egzekisyon pwogram seremoni an, nan lokal Kongrè ameriken an.

Nan diskou envestiti Prezidan Obama a, li lanse yon apèl pou responsablite, li ankouraje tout moun konsève limyè lespwa byen vivan nan kè yo, e pa bliye sa ki ba yo dwa pou yo rele sitwayen, asavwa patisipasyon yo nan travay pou bati e anbeli nasyon an chak jou Bondye mete.

Prezidan ameriken an voye yon mesaj lapè ak kolaborasyon bay tout peyi ki dispoze travay nan sans sa a, men tou li pat mete dlo nan bouch li pou li avèti sila yo ki chwazi vyolans ak latèrè ke Etazini pap kraponnen e, bout pou bout, y' ap pèdi batay la.

Anpil analis siyale fason nouvo lidè a te eseye kapte sa li rele "moman" sa a, aspè istorik evènman 20 janvye 2009 la, e televizyon te montre anpil moun, divès kote, ki te gen dlo nan je pandan diskou a.

Apre seremoni an, nouvo prezidan ameriken an ak vis-prezidan Joe Biden, ansanm ak madanm yo, te akonpaye ex-prezidan George W. Bush ak ex-Premyè Dam Laura Bush ale pran elikoptè k' ap mennen yo nan pwochen eskal yo, toupre sant Washington, pou yo anbake nan avyon ki va mennen yo tounen nan eta Tegzas la.

Yon chapit tou nèf louvri nan listwa Lamerik. Yon nouvo solèy leve sou lemond. Se opinyon prèske tout moun ki fè kòmantè sou prstasyon sèman Barack Obama, premye nwa ki rive lidè mond lib la.

XS
SM
MD
LG