Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon ant l’ONU ak Iran sou Pwogram Nikleyè peyi sa a


Enstalasyon Nikleyè Parchin nan, nan Iran
Enstalasyon Nikleyè Parchin nan, nan Iran
Negosyasyon kòmanse nan vil Vyèn, nan peyi Lotrich, ant otorite Iranyen ak ofisyèl ajans Nasyon Zini pou kesyon Nukleyè yo, nan moman yon gwo jounal ameriken rapòte Iran vyole lwa sou kesyon maritim yo plizyè fwa yon fason pou l evite konsekans sanksyon entènasyonal kap peze sou do li akoz pwogram nikleyè li-a ki pwovoke gwo pawòl anpil.

Pandan negosyasyon sa yo kap dire 2 jou, obsèvatè yo atann yo aske responsab yo nan Ajans Entènasyonal Enèji Atomik-la (AEEA) fè presyon sou Iran pou l kapab kite enspektè entènasyonal vizite yon enstalasyon nikleyè ki nan vil Parchin, pa lwen ak kapital Iran an, Teheran. Jiskaprezan, otorite iranyen yo pa satisfè demand Nasyon Zini fè pou enspektè li yo gen antre-sòti nan enstalasyon sa a kote otorite l’ONU yo sispèk Iran konstrui yon kontenè pou l teste eksplozif nikleyè.

Pandasetan, jounal Washington Post site kèk otorite ameriken li pa nonmen e ki ta di kòmkwa depi mwa davril pase a, Iran pa sispann chanje sistèm li genyen pou l detekte satelit e ki sou bato li itilize pou l transpòte petwòl. Daprè jounal la, AEEA ap swiv de prè mannèv iranyen yo, ki reprezante yon vyolasyon lwa maritim yo.
XS
SM
MD
LG