Accessibility links

Breaking News

Aksidan Avyon nan Endonezi: 50 Pasaje Sanble Mouri


Nan Endonezi, sekouris fè konnen yo jwenn kadav kèk moun tou prè debri yon avyon pasaje Larisi ki fè aksidan sou pan yon montay plen karyann ak doukla, o sid Djakata, kapital la.

Aparèy la fè aksidan an pandan li tap patisipe nan yon vòl demonstrasyon.Daprè otorite yo, operasyon sekou yo pral kontinye; men yo lanse avètisman pou di pa tèlman genyen chans ankò pou yo jwenn moun ki sove pami anviwon 50 pasaje ki te abò avyon an ki te disparèt sou ekran rada yo mèkredi.

Prezidan endonezyen an, Susilo Bambang Yudhoyono, pale pou l di yo lokalize debri avyon an sou mòn Salak, ki gen sou li yon vòlkan ki pa an aktivite.

Prezidan Yudhoyono fè konnen:
“Avyon an fè aksidan sou yon falèz nan Mòn Salak. Mwen pale dirèkteman avèk ofisye militè nou ki sou teren an, sou yon distans yon kilomèt edmi ak anplasman aksidan an. Yon ankèt total dwe kòmanse imedyatman. Yon operasyon pou jwenn pataje ki te abò a e pote yo sekou, se priyorite a sa."

Manm fanmi pasaje yo –ki reyini nan ayewopò entènasyonal kapital a- te pran kriye lè yo aprann yo rive lokalize debri aparèy la.
XS
SM
MD
LG